Archives du mot-clé Fanm

Kisa sèks vin chèche nan rechèch k ap fèt sou travay? (Nou te li pou ou)

Nou te li tèks sa a pou ou

Le travail du genre, les sciences sociales à l’épreuve des différences de sexe. (Introduction)Jacqueline Laufer , Margaret Maruani, Catherine Marry an 2003


Kouvèti liv la

Ou kapab telechaje grenn atik n ap kòmante a la:

Tèks sa a se entwodiksyon yon liv kolektif otè plizyè disiplin te met ansanm pou pibliye an 2003. Tèks la fè yon ranmase sou kontribisyon ki anndan liv sa a ki soti 20 lane apre piblikasyon yon lòt liv kolektif ki te gen tit, Le sexe du travail (Sèks travay). Yo fè lontan ap inyore oswa minimize kesyon sèks la (oubyen kesyon jan an) nan domèn syans sosyal travay yo. Se vre, jounen jodi a, etid ki gade bagay yo sou ang sa a yo pa ra pase sa epi ide ki di travay gen arevwa ak sèks la yo plizoumwen admèt li alèkile. Men sa gen ven lane, lè premye liv kolektif la te soti a, se chak Sen Silvès ou te ka tonbe sou mòd rechèch sa yo. Evolisyon sa a pa anpeche rechèch sa yo, jouk jodi a, pa gen ase pwojektè ki brake sou yo. Nouvo liv kolektif ki fè objè atik sa a, objektif li se dekri kòman kesyon jan an parèt nan domèn syans sosyal travay yo epi ki diplis li pote nan domèn sa yo.

Yon gason sou yon chantye

Apwòch klasik yo mal pou pou pran diferans selon sèks yo an kont nan analiz yo abitye fè yo. Agiman selon nati a, yon agiman ki konsidere kèk inegalite kòm yon bagay ki natirèl (se sou li tèz kòm kwa gason ak fanm yonn konplete lòt la chita), yo pa rive desitire li nan sosyoloji pozitivis la ak sosyoloji fonksyonalis la. Yo bouke souke fondasyon modèl ekonomik òtodòks la ak sosyoloji fonksyonalis la atravè analiz sou baz klas (sosyal), malerezman analiz sa yo pa rive demonte tout rapò dominasyon vre jan yo te pwomèt la. Orijinalite analiz sou divizyon seksyèl travay la se pwopoze li pwopoze yon fason pou nou koupe fache ak modèl ki la deja yo. E istwa revèy konsyans sa a brake pwojektè sou yon switch ki fèt, soti nan yon pozisyon plenyadò al nan yon pozisyon kote fanm yo se sijè aktif k ap entèraji.

Yon premye kontribisyon rechèch sa yo pote se seksyalizasyon lakonesans, ki vle lakonesans sispann pwodiksyon yon maskilen-net. Antre diferans selon sèks yo nan syans travay yo se pa nik ajoute fanm yo kòm aktris. Se kategori yo ak chema analiz yo menm nou vin oblije repanse pou rebat kat la nèt. Antre diferans selon sèks yo pèmèt nou souliyen limit sosyoloji travay la ki, tankou la, te prefere inyore reyisit ti fi yo lekòl oswa pa t rive  esplike reyisit sa a. Menm jan an tou, sa pèmèt nou dekouvri limit syans ekonomik yo ki trete fanm tankou yon kategori moun apa san rasyonalite, san lojik, yon bann metrès kay, ki la pou kale epi fè levasyon timoun. Lè se konsa yo prezante yo, fanm yo konn tou senpleman absan nan analiz yo.

Yon pil liv., senbòl konesans, men ki konesans?

Yon dezyèm bagay rechèch sou jan yo pote se rive yo rive fè kèk kontradiksyon parèt aklè, gwo lajounen, pou tout moun wè yo, nan koze itilizasyon je fèmen maskilen-net la nan syans travay yo. Espesyalman, yo montre jan chèchè yo inyore kèz varyab kle, ki gen arevwa ak sèks moun (maskilen oswa feminen), nan rechèch yo ap mennen. Yon bon egzanp se itilizasyon wòdpòte nosyon « menaj » la kòm inite statistik oubyen ekonomik, swadizan net nan jan yo defini l men ki an reyalite seksye nan jan yo aplike l (se gason an ki soti kòm chèf kay la). Lèfini, nosyon menaj sa a nwaye inegalite ki kapab egziste ant gason ak fi anndan yon fwaye. Sa ka lakoz, pa egzanp, etid sou povrete yo souzestime povrete fanm yo epi mete povrete gason yo nan yon nivo li pa ye.

Yon fanm ak gason k ap prepare manje

Foure kesyon jan an nan analiz yo fè yo vin oblije ap kesyone jan yo itilize travay gason yo kòm yon referans inivèsèl. Li montre tou tout sa sa ka pote si nou deside chanje linèt lè n ap analize kesyon sa yo. Se konsa, nou ka dekouvri itilize salè gason kòm referans pou estime inegalite salè yo pa fin menm bagay ak si nou te itilize pito salè fanm yo touche kòm referans. Si se salè fanm yo nou te itilize kòm referans, inegalite salè yo yo t ap parèt pi plis (an pousantaj); lè se salè gason yo ki sèvi referans, inegalite salè yo parèt mwens (an pousantaj), menm si eka a menm an valè absoli. (Mande Kreyonomi yon demonstrasyon si sa enterese w.) Epoutan,se referans gason an yo toujou itilize, sa ki patisipe nan minimize inegalite salè fanm yo ap sibi yo. Menmman parèyman, nou te ka fè yon lojik sa a pou kesyon chomaj gason ak chomaj fanm. Mete sou sa, sèvi ak gason kòm referans lan sanble souzantann, an gwo ponyèt, se bò kote pa fanm yo pwoblèm nan soti. Analiz koze travay kalifye a, yon kategori travay se gason ki plis fè yo, lè li sispann esklav koze gason kòm referans sa a, pèmèt moun poze bon kesyon ki kapab pèmèt reyalize nechèl kalifikasyon sa a se yon konstriksyon sosyal li ye.

Toutfwa, antre diferans sèks yo nan syans sosyal travay yo ap mande nonsèlman pou nou antre fanm nan analiz la men tou pou nou etidye kèk aktivite ki gen karakteristik gason ladan. Se pa sèlman fokalize  sou fanm, si se te sa konpreyansyon nou sou kèk reyalite (egzanp, monn pwofesyonènèl gason pisans nan tipografi) li te ka manke. 

Yon lòt kontribisyon, ki tou frèch, analiz jan yo pote nan syans sosyal yo se souliyen yo rive souliyen enpòtans pou nou pa sèlman gade sa k ap pase anndan fanmi yo pou nou konprann ingalite fanm yo ap viv nan espas pwofesyonèl yo. Rekonèt kèk estrikti (tankou mache travay la, antrepriz yo, oòganizasyon yo) inegalite se yonn nan mak fabrik yo, ki vle di yo kreye inegalite poukont yo (e gen rechèch ki montre li), sa pèmèt nou evite lage tout chay la sou do lafanmi. Tankou, gen etid ki montre, an Frans, an 2012, menm pami jèn ki pa arevwa ak koze fanmi chomaj la touche jèn medam yo plis pase jèn mesye yo. Gen etid ankò ki montre inegalite salè yo touche menm fanm ki gen gwo oswa pil diplòm yo, kèlkelanswa sitiyasyon familyal yo (espesyalman, selibatè ou pa).

Yon lòt kategori kontribisyon analiz jan yo pote nan domèn syans travay yo gen pou wè yon bò ak itilizasyon chif ak estatistik pou bay deba yo chè. Yon lòt bò, analiz sa yo gade kòman nou kapab bon mo yo oswa bon metafò pou defèt kèk esteryotip seksis ki mal pou disparèt. 

Tout kontribisyon sa yo montre jan rechèch sou jan yo kòmanse ap djondjonnen. Men istwa pwogrè sa a pa t yon senp liy dwat, te gen wo te gen ba, epi yon peryòd bliye kapab suiv yon peryòd kote moun pran konsyans sou enpòtans diferans selon sèks yo nan analiz yo ap fè. Epi tou, malgre pil konesans sa yo ki pwodui a, yo toujou ap kesyone lejitimite entèlektyèl oswa menm syantifisite domèn rechèch sa a sou pretèks kapab se militan ki fè rechèch sa yo, ou pa ta di se sèl nan rechèch feminis yo ou jwenn militan. Finalman, e sa se yon paradòks, domèn rechèch sa a toujou viktim yon mank rekonenans bò kote enstitisyon yo, nou ka wè sa atravè bidjè senèryen li jwenn yo, nan mank viziblite li nan espas akademik yo. Pou otè yo konkli, yo rekonèt pwoblèm lejitimite entèlektyèl la se yonn nan gwo defi ki rete pou leve men yo souliyen tou jan mank rekonesans enstitisyonèl la mache an menm tan ak plis libète pou fè rechèch sou sijè yo vle: chèchè k ap fè etid sou jan yo ta ka tou pwofite libète sa a.

Fanm yo se moun

Mwen deside kreye yon kategori tèks opinyon sou aktyalite peyi a. Menm jan ak Howard Zinn, mwen kwè koze pwofesè, ekriven, jounalis, syantifik oblije rete net la se yonn nan pil ide tou fèt yo konvenk nou pou nou repete tankou jakorepèt paske lè konsa elit ekonomik yo ak klas politik la ka kontinye viv kè pòpòz. Netralite mwen ap pale la a, ki te ka plis rapwoche sa yo rele endiferans parapò ak gwo deba sosyete yo, pa dwe konfonn ak netralite aksyolojik la ki limenm se yon atitid ki enpòtan anpil pou bon pratik lasyans. Ernst Jean fè yon bèl rale sou diferans sa a nan yon biyè li ekri sou nosyon netralite aksyolojik la. Antouka, kit se atik opinyon kit se atik vilgarizasyon syantifik (distenksyon an ap toujou klè), lektè yo kapab kontinye konte sou bon jan analiz ekonomik ki ap toujou jarete biyè Kreyonomi yo.


fanm se moun

Sa pa gen twò lontan, Natacha Clergé nan yon atik Le National te envite nou fè yon paryaj. Li te di nou, sandipetèt, premye minis nou an pa fouti yon fanm. Epoutan, kòmansman 2017, epòk diskou envestiti #NègBannann nan (ki depi lò a vin tounen #NègPwomès la) pèsonn pa t ap pèdi jekwazandye li fè yon paryaj konsa. Paske Nèg Bannann nan te pwomèt nou aksyon administrasyon li a pral ankouraje parite fanm gason…Antouka, dènye premye minis li deziyen an se yon gason. Men sa pa ka fè nou pantan, nou te gentan konnen sitiyasyon fanm yo nan peyi a. Kidonk, se pa premye minis gason yo deziyen an ki pral choke nou (se pa la pwoblèm nan ye). Sa ki plis deranje nan peyi manman libète a, se pito absans fanm menm nan lis moun ki te premyeministrab yo pandan swadizan negosyasyon ak fòsviv nasyon an.

jomo

Jan blòg La loi de ma bouche la te gentan montre sa, lè se pa jounalis ki bliye si fanm se moun tou epi ki mal tradui pawòl yon onorab, se otorite yo ki bliye si gen fanm nan peyi a ki te ka nan lis moun ki te ka premye minis yo. Sitiyasyon sa a raple nou kèk stati fanm nou jwenn Ottawa ki selebre viktwa avanyè la (an 2009) 5 fanm vanyan ki te oblije konvenk Lakou siprèm Kanada « fanm yo se moun« , yo fè pati « moun kalifye » ki te ka nan Sena a.

Si prezans ti mal nou yo prèske kreve je nou tèlman yo toupatou sou sèn piblik la, sa pa anpeche nou ka poze tèt nou kesyon sou diferans sa kapab fè toutbon lè fanm yo pi prezan nan pòs desizyon yo. Dayè, sa pa gen twò lontan, Mèt Vita Pierre te pote kèk pwen nan deba a ki ede nou al pi lwen pase senp kesyon kota 30% fanm nan nan sèvis piblik yo dapre konstitisyon amande a-nan yon peyi kote gen plis fanm pase gason, nan yon peyi tou kote dènye resansman popilasyon an resi lanse an 2017 apre 4 lane reta.

Kesyon Vita Pierre vin avèk yo a enteresan. Yo fè nou mande tèt nou, nan yon sosyete kote gason genyen kontwòl pouvwa a, èske pa gen risk pou kota pa depaman ak achte nan sak bouda kreve. Eske fanm ki nan gwo pòs yo, ki dapre li souvan se madanm yon gason ki gen non, p ap senp fotokopi? Eske lè nou panse se fanm k ap dirije nan ti espas 30% kota minimòm nou rezève pou yo a, se pa menm dominasyon gason yo ki ap kontinye atravè fanm sa yo? Eske gen yon lidèchip fanm? Ki mak fabrik li?

Nou pa gen gwo tanta nan pwen pou nou ta pretann nou pral reponn tout kesyon sa yo. Nou ap jis pran yon egzanp teren ki soti nan peyi Lend. Kòmdefèt, kesyon sa yo gen chèchè ki te chèche reponn yo deja e repons yo jwenn yo pote eleman ki kapab pèmèt nou pwofonde kesyon sa yo. Nou jwenn istwa sa a nan liv Repenser la pauvreté a, Esther Duflo ak Abhijit Banerjee ki ekri l.

Nan peyi Lend, gram panchayat yo (Konsèy Vilaj) se yon sistèm politik kote se eleksyon lokal ki plase manm yo. Kidonk se yon apwòch desantralize. Pwoblèm ki konn poze nan nivo sa a, menm jan yon oligachi gen tandans vòlè pouvwa popilasyon an nan echèl ki pi wo yo,  se koze pou se toujou yon ti ponyen moun ki ap pale, aji, patisipe pandan rès moun yo silans, inaktif oswa pa patisipe nan desizyon yo. Fanm yo ak sila ki nan minorite etnik yo souvan viktim dappiyanp ti gwoup sa yo fè sou pouvwa a. Yonn nan fason pou konbat pwoblèm reprezantasyon oswa patisipasyon sa a se aplike yon kota. E se prensip sa menm yo aplike nan kèk Konsèy Vilaj endyen yo.

Se konsa yo konn rezève pòs direksyon pou fanm yo ak minorite yo. Alèkile, nan ane 2000 yo Esther ak Raghabendra Chattopadhyay t al chèche konnen si fason fanm yo dirije a diferan parapò ak fason gason yo dirije. Men tout moun te gentan di yo se lave men siye atè, yo p ap jwenn okenn diferans serye paske mari medam yo sèvi avèk yo pou kontinye dirije. Yonn nan egzanp yo te pran pou kore sa yo di a, se yon seri pankat kanpay elektoral pou medam ki kandida yo kote foto mari medam sa yo te plis parèt pase foto fanm nan li menm…Dapre popilasyon an, dirijan fanm sa yo se fotokopi. Men chèchè yo te fè tèt di yo kontinye rechèch la kanmèm. Yo te sezi wè gen gwo diferans ant politik medam yo ak pa mesye yo, kontrèman ak sa moun yo te anonse.

Tankou, nan yonn nan Eta yo, chak 5 an, yon Konsèy Vilaj sou 3 yo chwazi konsa konsa, se sèl fanm ki ka patisipe nan elekesyon pou vin dirijan vilaj la. Chèchè yo dekouvri lè se tou pa medam yo gen plis envestisman ki fèt nan enfrastrikti ki kapab chanje lavi medam yo dirèkteman (tankou wout ak dlo potab). Gen yon lòt eta menm ki gen repitasyon yon eta ki matchis anpil, kote bezwen medam ki ladan yo se te plis pou dlo potab alòske mesye yo te plis vle konstriksyon wout, chèchè yo dekouvri lè se fanm ki dirije vilaj yo gen plis depans ki fèt vre pou dlo potab pase konstriksyon wout. Lòt rechèch ki fèt nan peyi Lend sanble konfime tandans sa: priyorite medam k ap dirije yo pa toujou menm ak pa gason yo.

Rezilta sa yo kanmèm ede nou konprann enpòtans pou gen plis fanm k ap pran desizyon politik nan peyi a, menm si nou pa ka dekonekte rezilta yo totalman parapò ak sosyete peyi Lend lan, ki konplèks anpil e ki gen mak fabrik li. Si nou kontinye mete mwatye popilasyon an deyò wonn nan nan espas kote gwo desizyon yo ap pran, nou dwe pare tou pou nou pote chay sosyete miwo miba politik nou yo ap kreye yo. Plis divèsite nan espas politik yo kapab, menm si se pa yon resèt mirak (egzanp Lend lan montre sa tou…) pèmèt lòt mwatye popilasyon an jwenn solisyon pou pwoblèm ki ap afekte li yo. E anpil nan pwoblèm sa yo, menm si tout moun konnen yo, se pa tout moun ki viv yo…