Archives du mot-clé espas machandiz

Opsyon konsomasyon Jaklin nan Bandjann: teyori konsomatè a (2)

Jodi a m t apral prezante nou Robinson Crusoé. Ekonomi Robinson Crusoé a se petèt ekonomi ki pi senp nou ta ka imajine. Sou zile kote misye ye a: gen yon sèl konsomatè (Robinson), yon sèl pwodiktè (Robinson ankò) epi 2 byen sèlman (kokoye ak distraksyon). Men sanble n ap fè konesans li yon lòt fwa. Pa gen dout sou sa, ap gen lòt okazyon. Pou kounye a, m ap prezante nou Jaklin pito. Atravè istwa Jaklin, n ap gen yon premye apèsi sou 4 pilye ki fonde teyori konsomatè a: ansanm konsomasyon, ansanm reyalizab, preferans, prensip k ap gide konpòtman konsomatè a.  

Jaklin ap viv Fondèblan, nan yon bouk yo rele Bandjann. Se yon ti kwen kote moun respire bon lè epi pa gen twòp bri. Men Jaklin pa prèske panse ak sa, li tèlman abitye (se la li leve), li pa menm remake si se pa tout kote nan peyi a ki ofri avantaj sa yo. Nou pa bezwen etone si li pa twò konsyan valè sa genyen, paske lè Jaklin ap respire ak trankilite ki gen nan zòn nan, Jaklin pa peye senkòb penich pou li benefisye yo. Sa yo se byen piblik yo ye, byen lakomin. An jeneral, yo pa foure tip byen sa yo nan teyori konsomatè a, paske yo t ap konplike analiz la san rezon. Men nou gen pou nou wè yo enpòtan anpil pou nou konsidere. Nan yon lòt biyè, ak ekzanp agrikilti Ayiti a, nou te gentan wè jan lè ou fèmen je sou byen piblik sa yo sa ka lakòz gwo pwoblèm anviwònman.

Kote Jaklin ap viv la, gen pwodui ou jwenn agogo, gen lòt ki pi ra. Genyen ou sanse pa jwenn ditou. Chak vandredi, chak lendi Jaklin al fè pwovizyon nan mache Senton ki pa twò lwen lakay li. Li jis peye yon moto pou depoze l la. Si w mande Jaklin, san l pa antre nan detay, ki tip pwodui ki pi ra lè l al nan mache, l ap di w se legim yo. Men tankou la, zòn nan pwodui anpil chadèk, menm si yo pa fè mikalaw ankò tankou lontan. Apre sa, moun yo toujou jwenn ti tafya yo pou yo distrè yo, dayè pa gen twòp pwogram vre kòm distraksyon nan zòn nan. Zòn nan gen chans gen yon lopital ki gen nen nan figi l kote sèvis yo pa twò chè: Lopital Sen Bonifas, ki nan Senton. Kidonk si n ap senplifye, zòn nan gen yon kantite ototal li rann disponib pou chak machandiz (byen oswa sèvis). Yo rele ansanm tout machandiz sa yo « espas machandiz » la, yo note li R^n . Li klè, pou zòn Fondèblan an, se pa tout machandiz ki egziste nan peyi a n ap jwenn anndan R^n li a. Tankou m pa si n ap jwenn yawout, ki se yon pwodui ki mande pou gen frijidè. Malerezman kouran se yon bagay ki ra toujou nan Fondèblan.

Men menm jan an tou, se pa tout sa ki egziste epi ki disponib nan zòn Jaklin nan tout moun nan zòn nan ap ka achte. Tankou, an nou klase tout byen ak sèvis ki disponib yo konsa: manje, bwè, rad, sante, plezi, transpò ak lòt yo. Nan rad yo, Jaklin ka achte wòb men yon gason pa pral achte wòb pou tèt li menm si li gen kòb e menm si gen wòb agogo. Poukisa? Paske sosyete a deside gason p ap met wòb. Men anyen nan wòb la poutan pa anpeche yon gason mete l. Kidonk, pandan nan lis tout sa Jaklin ka konsome yo, n ap jwenn wòb, nou p ap jwenn wòb nan lis tout sa Jak, frè li a, ap konsome. Ki vle di, gen byen ki disponib nan espas machandiz la kèk konsomatè p ap janm konsome. Oswa tou gen kantite nan yon byen kèk konsomatè gendwa pa JANM konsome akoz kontrent lasosyete. Tankou n ap jwenn mesye yo konsome plis alkòl pase fanm an pwovens, yonn nan rezon yo kapab paske sosyete a plis asosye konsomasyon alkòl (depase limit) ak gason. Tout sa pou nou di, chak konsomatè nan zòn nan, an fonksyon règ jwèt zòn nan, lakilti ak lòt tradisyon oswa kontrent, ap chwazi konsomasyon li anndan yon ti ansanm X_i ki anndan gwo ansanm machandiz R^n la. X_i sa a pote non ansanm reyalizab la. Chak ansanm X_i twouve li pa anndan gwo ansanm R^n la ki gen tout chwa posib yo. Yo konn rele l gran R^n tou pou pi senp, ki vle di ansanm konsomasyon an oswa ansanm tout opsyon ki egziste yo (menm si se pa tout ki posib pou yon konsomatè, jan nou sot wè sa a). Pou yon konsomatè nou pran, li klè ansanm reyalizab li a pa dwe vid.

An nou retounen nan Jaklin. Nou sot wè Jaklin gen yon ansanm Xi ki gen tout opsyon konsomasyon ki disponib pou li yo. Tankou li ta ka (sou yon ane):

Manje: kèk sak diri, kèk sak pwa,yon kantite nan divès kalte epis ak lòt engredyan pou fè manje.

Bwè: 1 kantite poud ji, kèk bwason glase li toujou bwè sou plas, 0 alkòl, elt.

Rad: kèk kòsaj, kèk moumou, kèk wòb, 0 slip, kèk kilòt, elt.

E nou ta ka kontinye konsa pou tout lòt kategori byen yo. Kantite maksimòm Jaklin ka achte nan chak byen ki disponib nan zòn nan pral defini ansanm reyalizab Jaklin nan. Men Jaklin p ap toujou chwazi kantite maksimòm nan, pou kèk rezon n ap gen pou n wè pi devan. Kantite li chwazi alafen pou chak byen yo pral ranpli panyen Jaklin ap konsome toutbon an (an nou di pandan ane a). Tankou panyen an te ka gen ladan:

(2 sak diri, 1 sak pwa, …, 100 ti sachè poud ji, 10 Tampico, 0 alkòl,…., 5 kòsaj,3 moumou, 3 wòb, 0 slip, 10 kilòt,…, 4 èdtan konsiltasyon lopital, 180 kous taksimoto, …., elt.).

Jan nou ka wè sa a, chak panyen konsomasyon gen plizyè byen ladan e pou chak byen gen yon kantite ki mache avè l. Kidonk, yon panyen an reyalite ta ka pase pou sa yo konn rele vektè a. Pou plis detay sou vektè yo ak grandè yo, ou ka kòmanse li biyè sa a epi suiv blòg fizikreyol la.

Lojik la senp, pou chak panyen, anndan yon parantèz, yo fè yon lis tout byen ki ladan. Se pozisyon byen an anndan parantèz la ki pèmèt ou konnen ak ki byen nou annafè. An reyalite, se kantite ki genyen nan chak byen yo mete nan parantèz la. Se konsa, pou panyen Jaklin nan nou te dekri pi wo a, si nou rele l panyen 1, nou ta ka ekri senpman:x_1=(k_1, k_2,...,k_i,k_j,...,k_n) , kote k_1 se t ap kantite diri a, k_2 kantite pwa a, epi kontinye konsa. Note kantite sa yo dwe pou pi piti egal zewo. Bon sa se yonn nan pil fason yo reprezante yon vektè, men pou kounye a nou p ap antre nan detay sa yo.

An nou rezime. Ansanm opsyon konsomasyon ki egziste nan mond Jaklin nan se
R^n oswa X . Yo rele li ansanm konsomasyon, espas machandiz, elt. Anndan ansanm konsomasyon sa a. pou chak konsomatè gen yon ansanm reyalizab. Konsomatè a ap chwazi kantite l ap konsome nan chak byen anndan ansanm reyalizab la. Tout kantite sa yo mete ansanm defini yon panyen konsomasyon.

Kote nou rive la a, gen 2 bagay enpòtan nou pa ko pale de yo. Se preferans konsomatè a ak prensip k ap dirije chwa li yo. Pou preferans yo, n ap konsakre yon biyè pou sa sèlman, tèlman gen koze ki merite pale. Nou pral fè yon seri ipotèz ki sanble esansyèl sou preferans konsomatè a. Nou pa pral chèche tradui tout ti detay ki ka chanje sot nan tèl konsomatè ale nan yon lòt, n ap triye ki aspè nou jije ki pi enpòtan, men kòm modèl la fleksib, anyen p ap anpeche yon moun mete plis presizyon ak konpleksite si li vle tradui tout divèsite ki gen nan gou ak preferans moun yo. Kanta pou prensip jeneral k ap gide konpòtman konsomatè a, n ap sipoze konsomatè a ap toujou bat pou l chwazi panyen konsomasyon li pi pito a, sa ki plis koresponn ak preferans li a. Men nou pral wè li pa toujou posib pou konsomatè a achte sa li pito a, espesyalman akoz bagay yo pa gratis e resous bidjè konsomatè a limite. Kidonk lè sa konsomatè nou an ap fas ak yon pwoblèm yo rele pwoblèm konsomatè a, kote li ap chèche sa l pi pito a san li pa depase pòch li.

Pil opsyon mond lan ofri nou pafwa.

Pwochen etap sa yo pral mande plis matematik. Men Kreyonomi ap kanpe bò kote w sou wout la. W ap wè mond lan yon lòt jan yon fwa ou fin franchi etap sa yo. Sa vo lapenn. Randevou kase.

Kèk referans ki te itil nou pou biyè sa a e ki ka ede ou kontinye vanse poukont ou nan teyori konsomatè a:

  1. Jehle, G. A. (2001). Advanced microeconomic theory. Pearson Education India.
  2. Debreu, G., Comar, J. M., & Quintard, J. (1984). Théorie de la valeur: analyse axiomatique de l’équilibre économique. Dunod.

Foto Fondèblan nou yo soti sou sit sa a.