Archives du mot-clé Dominikani

Bwasewo Ayisyen lè peryòd zafra nan Dominikani

Ayisyen k ap koupe kann Dominikani
Foto: Batay Ouvriye/Piet den Blanken

Zafra se peryòd rekòt kann nan ane a. Se moman kote moun al koupe kann. Se yon mo panyòl, men Ayisyen sèvi avè l tou (nou menm jwenn li nan diksyonè agrikòl Pierre Vernet a). Sa pa etonan, bwasewo Ayisyen konn regilyèman al koupe kann Dominikani, men nan lòt peyi tou tankou Kiba. Alòs, depi nou tande zafra Ayiti, se plis Dominikani ki monte nan tèt nou, e se nòmal. Vremanvre, nonsèlman peyi sa se vwazen nou, nou gen yon long istwa, depi komansman 20yèm syèk la, deplasman Ayisyen ki pral Dominikani al travay, chèche lavi miyò ak opòtinite oswa pou yo ka mawon peyi a nan epòk kriz.

An 1966, yon antant gouvènman Ayisyen (epòk Duvalier) ak gouvènman dominiken t apral pèmèt leta dominiken vin chèche travayè Ayisyen pou al travay Dominikani. Yo te rele sistèm sa a « anbochay ». Nou dwe raple tou leta dominiken dirèkteman enplike nan endistri kann nan. Pou nou ka konn plis sou pratik ofisyèl yo te rele anbochay la (e ki pa egziste ankò an prensip), mwen envite nou koute yon emisyon spesyal sou sa ki te fèt nan radyo an 1986 apre depa Jean-Claude Duvalier. Yo pale ladan tou poukisa koupe kann nan pa dominikanize (pouki dominiken pa vle fè l) e pouki se sou fòs travay Ayisyen jiskaprezan endistri sa a konte e se sou leta dominiken ap geri bosko l. Men sitou, genyen temwayaj 2 ansyen « travayè » Ayisyen ki te konn koupe kann Sendomeng. Youn nan yo di klèman se vann yo te vann li pou al koupe kann Sendomeng, li konpare sa ak esklavaj e li rapòte nan ki kondisyon malsite, maltouche, maldòmi, malmanje li t ap viv). Kidonk, kondisyon travay Ayisyen k al koupe kann Sendomeng yo pa t janm dous.

Ayisyen bò fwontyè konn travèse fwontyè a tou, sitou lè zafra (ki dire 6 mwa), pou al koupe kann Sendomeng. Dominikani konn mete moun menm pou al rekrite travayè (buscones). Bwasewo yo konn ale pou travay, anpil fwa sou baz fo pwomès (yo pwomèt yo bon kondisyon) epi lè yo rive yo pa ka tounen lakay.

Stati legal Ayisyen ki pral oswa k ap koupe kann Sendomeng yo souvan pa klè e leta dominikenpa fè twòp efò pou korije sa. Zòn pwodiksyon kann yo pwoteje tankou se te prizon. Batey yo se kote travayè yo rete, dòmi, elt. lè yo pa nan chan kann. Genyen ki fè pitit pandan yo enstale a e se anba mizè pou timoun sa yo jwenn rekonesans ofisyèl kòm Dominiken. Pou nou ka konn plis sou kondisyon Ayisyen nan batey yo, mwen envite nou li yon rapò NHCR, yon òganizasyon k ap defann dwa imigran Ayisyen, te pwodui nan fen ane 90 yo. Rapò a pale de lavi Ayisyen nan Dominikani (500 000 alepòk), sitou nan Batey yo ak nan lòt sektè ekonomik (tankou konstriksyon), anplis kann nan, kote kondisyon travayè Ayisyen nan Dominikani pa yès ditou. NHCR montre tou gen yon veritab rezo mafya, polisye ak militè ki ap viv sou do malere Ayisyen ki nan koupe kann yo, soti sou travèse fwontyè rive nan batey yo. Gen rechèch pi resan tou ki fèt sou sa ki montre Ayisyen nan batey yo toujou ap viv gwo diskriminasyon, epi gen liv foto ki pibliye ki montre kondisyon moun nan Batey yo atravè yon seri foto ki alafwa byen pran e tris. M te gen chans tonbe sou youn, e dlo te prèt pou sot nan je m.

Alaverite, endistri kann Dominikani an kòmanse pran kou e gen batey ki oblije oryante nan lòt sektè. Men toujou gen koupe kann epi bwasewo Ayisyen oswa abitan batey yo toujou ap mal viv. NCRH, nan rapò li a, te raple tou jan istorikman leta dominiken konn sèvi ak mas Ayisyen ilegal yo kòm mwayen presyon atravè menas depòtasyon oswa nan strateji politik ak diplomatik li. Menm Dominiken ki desandan Ayisyen pa toujou epaye. Arè 168-13 ak lwa natiralizasyon 169-14 la ki fè plis pase 100 000 Dominiken vin san patri, san peyi, pwouve sa e raple nou enpòtans pou rete veyatif devan yon leta dominiken ki komèt masak deja sou pèp Ayisyen nan Dominikani, pou pa gen lòt « kout kouto« . Kilè leta ayisyen tou ap pran men l pou Ayisyen rejwenn eskanp figi l isit kou lòtbò dlo epi viv nan diyite? Pou zafra sispann atire jèn nou yo Dominikani, malgre move kondisyon travay yo?