Archives pour la catégorie Opinyon

Lalin ak solèy: sa w pi pito? Enpòtans yon teyori konsomatè (1)

Sa enposib! Gen plis pase 7 milya moun sou tè a. Chak gen yon istwa. Menm 2 marasa rete 2 moun diferan. Li pa t ap posib (e sa pa t ap fòseman itil) pou tabli yon teyori ki esplike epi predi konpòtman chak grenn moun ki ap konsome sou latè .

Chak moun gen yon istwa.

Poutan, aktivite konsome a, soti depi nou fèt rive nan granmoun nou, jwe yon gwo plas nan lavi nou. Lèt, rad, manje, bwè, pran plezi, achte yon liv, peye koupe cheve nou oswa pou pran yon bèl kout peny, peye lekòl…nou pa janm sispann konsome. Yon bon pati nan ekonomi yon peyi chita sou desizyon moun yo ap pran pou yo konsome. Gen nan desizyon sa yo nou tèlman abitye avèk yo, nou bliye si se desizyon yo ye, nou bliye si se chwazi nou chwazi yon opsyon achak fwa nan mitan plizyè opsyon. San di petèt, konprann kòman nou fè chwa sa yo se yon bagay enpòtan. Si nou ta rive predi yo menm se t ap sa nèt. Malerezman, sa pa posib.

Gen twòp twòp paramèt ki antre, twòp faktè ki enfliyanse desizyon n ap pran yo. Poudayè, menm nou menm poukont pa nou, li kapab difisil pou prevwa pwòp chwa nou yo ak presizyon. Plizyè fwa nou konn fin di nou pral achte tèl bagay nan mache a oswa nan makèt la, epi lè nou rive nou sezi wè n ap achte sa n pa t bezwen e nou bliye achte sa n te bezwen. Kidonk, si menm nou menm pa ka fin mèt chwa konsomasyon nou yo, ale wè save ki pa menm konnen nou epi ki ap li nan gwo liv.

Eske sa vle di pa gen espwa? Eske sa vle di nou p ap janm ka konprann jan ekonomi an fonksyone? Eske sa vle di etidye fason syans ekonomik yo pwoche konpòtman konsomatè a se yon tan pèdi? Eske yon teyori ekonomik sou konsomatè a ap janm reyalis? Si li p ap janm reyalis, èske sa vo lapenn pou nou konnen l?

Pou nou reponn kesyon sa yo, e anvan nou kòmanse prezante ou teyori konsomatè a (yon mèvèy senplisite ak bèlte) nan yon seri biyè k ap vini, nou bezwen byen konprann sa ki yon modèl ak sa ki yon teyori. Lè nou fin konprann sa a, n ap wè pouki yon modèl, oswa yon teyori, pa oblije reyalis pou li enteresan.

Men anvan kisa ki yon teyori? Kisa ki yon modèl? Karl Popper te vin ak yon bèl imaj tou senp pou esplike sa ki yon teyori. Pou li, se tankou yon « nas » (wi wi, tankou nas pechè yo) ou voye pou ou kapab met men sou reyalite a (ba li sans, esplike l, domine l…). San yon « nas » konsa, lè nou ap chèche repons kesyon yo, nou t ap lage nan fè titato nèt. Teyori a sèvi nou tankou bwat zouti yon bòs gen nan men l lè li ap travay. Suivan pwoblèm ki prezante a, li konnen ki zouti li ka itilize. Modèl yo se prèske menm bagay la. Nan menm egzanp sa a, yon zouti poukont li ki anndan bwat zouti a te ka jwe wòl yon modèl. Se yon chema tou fèt ki senplifye reyalite a pou kapab pi byen metrize l. Kidonk teyori yo pi laj, pi abstrè toujou pase modèl yo, men sa konn rive yo itilize mo modèl la nan menm sans ak yon teyori tou, e sa pa twò grav.

Ni teyori yo, ni modèl yo, yo chita sou ipotèz, yon seri ide tou fèt, ki plizoumwen gen sans, nou pati avèk yo san nou pa toujou chèche demontre yo. Yo konn rele yo aksyòm tou, postila (menm si tout mo sa yo pa fin ekivalan vre, men sa pa enpòtan pou kounye a).

Nan yon kokennchenn atik sou metodoloji nan ekonomi, Methodology of Positive Economics, Milton Friedman (1953) defann ide kòmkwa ipotèz yon modèl oswa yon teyori chita sou yo pa oblije reyalis pou modèl la enteresan. Sa ki enpòtan, se kapasite modèl la pou li predi bonjan rezilta, pou li fè prediksyon ki kòrèk.

Alòs se pa tout moun ki dakò ak analiz Friedman nan, e apwòch li a (yon apwòch enstrimantalis kote « se rezilta ki konte ») te jwenn anpil kritik menm jan li te jwenn anpil disip la.

Gen yon lòt apwòch sou wòl yon modèl ki soti nan literati sou teyori kominikasyon an, se apwòch Deutsch (1952) a, nan yon kokennchenn atik li te ekri:
On communication models in social sciences. Nan tweet pi ba yo, nou te esplike ke pou otè sa a yon modèl dwe reyalis. Men lè ou li atik la ak plis atansyon, ou ap konprann nan ki sans Deutsch di yon modèl dwe reyalis la. Se pa de ipotèz modèl la li t ap pale. Men pito, li t ap pale de prediksyon modèl la pèmèt nou fè yo. Sa vle di pou Deutsch, li enpòtan pou prediksyon yon modèl pèmèt nou fè reyalite a kore prediksyon sa a. Kidonk, finalman, Deutsch di menm bagay ak Friedman!

Friedman pa janm di moun k ap bati modèl yo oswa teyori yo kapab inyore reyalite a totalman. Okontrè, li di fòk rezilta nou jwenn yo, prediksyon ki fèt yo kòrèk.E pou Friedman, ekonomi an se yon syans « pozitif » li ye anvan tout bagay, sa vle di li chita sou jan bagay yo ye. Sa Friedman di, se ipotèz yo ki pa oblije reyalis! Poudayè, Friedman esplike ak bonjan egzanp, pouki sa tou senpman pa gen sans pou yon moun ap teste yon teyori sou baz ipotèz li. Li te pran egzanp yon boul ou lage anba k ap sibi akselerasyon lapezantè. Lè nou aplike ekwasyon sinematik yo pou nou jwenn konbyen tan boul la ap pran anvan li rive atè, nou sipoze anba anba ke atmosfè nou ladan an ase pwòch kondisyon ki t ap egziste si nou te nan vid. Sa pa enpòtan pou konnen si se vre atmosfè a pwòch kondisyon ki nan levid yo (kesyon sa a san sans, paske nou p ap janm ka konnen repons lan si nou pa fikse yon barèm an gwo ponyèt). Sèl sa ki enpòtan, se konnen èske ak ipotèz sa a modèl la toujou bay yon rezilta ki pwòch reyalite a.

Li klè rezilta n ap jwenn lan ka pa janm egal 100% ak rezilta teyorik modèl la prevwa a menm si pa ta gen erè meziray. Se vre gen modèl pi sofistike, ki sèvi ak ipotèz ki pi « reyalis » (tankou, rekonèt rezistans lè a) ki ka bay rezilta ki pi pwòch rezilta reyèl la. Men Friedman di nou reflechi si ti presizyon anplis sa a nou jwenn nan vo lapenn pou nou al sofistike modèl la jan nou te oblije sofistike l la. Si ti ekwasyon sinematik yo ka ban nou « bon » rezilta toutpandan yo senp lan, enben nou ka kenbe modèl la menm si ipotèz li yo ta mwens « reyalis » pase yon modèl ki pi sofistike e ki pi presi.

Yon moun k ap tonbe anba…libekalib

Pou nou retounen sou teyori konsomatè a, wi gen yon teyori ki egziste. Li chita sou yon seri ipotèz konsènan preferans konsomatè yo, sa vle di sa yo pi pito ak jan yo konpòte yo. Ipotèz sa yo ki fèt sou preferans yo, gen moun ki konn ap eseye evalye teyori a sou baz èske ipotèz sa yo reyalis, èske gen konsomatè ki gen preferans ki konsa vre. Yonn nan egzanp yo, se koze konsomatè a toujou pi pito genyen yon tikras pase pou l pa gen anyen ditou. N ap dakò, gen anpil ka kote moun konn fè kòlè pa pran yon bagay y ap fè yo kado akoz ògèy. Men èske sa vle di tout teyori a pa kenbe? Friedman t ap di non, se pa konsa pou nou gade pwoblèm nan. Nou ta dwe mande tèt nou pito èske esplikasyon teyori a koyeran epi senp ase toutpandan prediksyon teyori a plizoumwen kadre ak reyalite a. Yonn nan prediksyon teyori a, pa egzanp, gen pou wè ak fason konsomatè yo ap reyaji si pri pwodui yo ta chanje. Si nou wè teyori a rive byen predi konpòtman konsomatè yo nan ekonomi an, nou ka di « kimele » nou si ipotèz yo reyalis ou pa. San di petèt, ta gen anpil bagay nou ta ka di sou apwòch « se rezilta ki konte » Friedman nan. Men pou biyè sa a, nou p ap antre nan detay filozofik ak metodolojik sa yo.

Sa w panse? Nou pare pou nou gade kisa teyori konsomatè a ka aprann nou sou konsomatè yo, chwa y ap fè? Nou pare pou nou etidye lalin ak solèy kisa konsomatè a pi pito? Epi tou, ou pa janm konnen kisa li ka aprann ou menm sou pwòp tèt ou tou. Randevou kase.

Ki politik agrikòl pou Ayiti? (1/2)

Yon fason byen chapante pou nou gade kèk pwoblèm agrikilti peyi a genyen.

Kreyonomi

Nan seri biyè sa a, nou pral gade ansanm kèk politik agrikòl teyori byennèt la nan ekonomi pèmèt nou jistifye. Chaje teyori nou ta kapab rale pou nou analize sitiyasyon sektè agrikòl ayisyen an epi imajine kèk solisyon, men pou kounye a nou ap konsantre nou sou ekonomi byennèt la ki yonn nan teyori ekonomik yo plis rale pou jistifye entèvansyon leta nan ekonomi an.

Men anvan nou antre nan kè diskisyon an, li ap bon pou nou fè yon ti prezantasyon rapid rapid sou Ayiti, agrikilti li, apre sa pou nou gade deba sou aksyon leta nan ekonomi an-espesyalman nan sektè agrikòl la. Apre sa nou ap pare pou nou gade ki eleman teyori byennèt la pote nan deba sa a ak kòman yo ka adapte ak reyalite agrikilti peyi a.

Soti depi lè ti konkonm t ap goumen ak berejèn

An nou soti dèyè nèt pou nou ale…

Voir l’article original 4 293 mots de plus

Ayiti: pouki dola meriken an ap vale teren?

Nou òpdet atik la.

Kreyonomi

1. Peyi yo jounen jodi a pa izole, yo chak gen lajan pa yo alòske yo ap fè komès youn ak lòt : sa fè yo vin bezwen yon zouti ki pèmèt yo boukante lajan sa yo : zouti sa se todchanj lan.

2. Ekzanp, todchanj dola ameriken an an goud pèmèt  ou konnen chak grenn dola konbyen goud li vo, sa vle di konbyen goud ou bezwen pou chak grenn dola si ou vle boukante dola ak goud. Pou 2018 la, ou te bezwen an mwayèn 65.4 goud pou sa fèt. Men sa pa t toujou konsa.

3. Nan dat 13 me 1919, epòk kote blan Meriken t ap okipe Ayiti (1915-1935), gouvènman ayisyen an te jwenn yon antant ak Etazini pou stope todchanj lan ki te gentan kòmanse ap monte. Se lè sa yo toulede te kole zepòl pou yo fikse todchanj lan an gwo ponyèt. Soti lè…

Voir l’article original 728 mots de plus

Ki politik agrikòl pou Ayiti? (2/2)

Premye biyè nan seri sa a te prezante 4 sitiyasyon kote mache yo ka echwe. Nou te rele yo defayans mache: lè genyen ekstènalite, nan ka byen piblik yo, lè genyen enfòmasyon miwomiba ak lè chapant mache yo enpafè (tankou, lè gen monopòl). Se pa 4 sa yo sèlman ki genyen (nan yon bèl liv li soti an 2016, Tirole idantifye kèk lòt ki enpòtan anpil ki gen pou wè ak jistis, sikoloji moun yo ak sa li rele limit moral mache yo), men nou chwazi pa manyen aspè sa yo nan biyè sa a.

Jodi a nou pral gade 4 sitiyasyon defayans yo plis an detay atravè yon ka konkrè, sitiyasyon sektè agrikòl ayisyen an. Achak fwa nou ap eseye idantifye kèk entèvansyon leta ki te ka rezoud pwoblèm defayans mache sa yo ka lakòz yo. Pou ka rann bagay la pi senp, mwen rezime tout enfòmasyon yo pou chak defayans nan tablo nou jwenn pi ba yo epi mwen fè yon ti kòmantè tou kout sou yo.

Ekstènalite ak byen piblik

Ekokondisyonalite a se yon fason yo aplike politik yo kote se sèlman moun ki adopte bon pratik ekolojik (anviwònman) ki ka benefisye èd leta yo. Yon politik ki vize sanksyone move pratik yo sanble pa twò adapte pou kontèks Ayiti a, paske moun yo vilnerab anpil. Yon apwòch ki ap chèche ankouraje bon pratik yo sanble pi adapte.

Ayiti rezève sèlman 6,25% espas nasyonal la kòm zòn pwoteje. An reyalite, ta sanble menm zòn pwoteje sa yo pa fin byen pwoteje vre. Epitou, 6,25% an piti anpil parapò ak 17% rive 27% angajman entènasyonal ayiti te pran nan kad pwotokòl Nagoya a (2010). Ayiti, se peyi nan Karayib la ki gen pi piti pousantaj la.

Anfen, gen yon gwo bezwen pase men nan enfrastrikti agrikòl yo. San pase men sa a, e san kreyasyon plis enfrastrikti, rannman yo ap toujou sa yo ye a: fèb.

Enfòmasyon miwomiba ak chapant mache enpafè

Bank yo prèske pa ofri okenn kredi agrikòl (kredi an jeneral pa toujou pi gwo sous revni bank yo). Mikwofinans lan pa toujou ofri kondisyon ki fin yès nonplis e li ap fè fas ak menm pwoblèm ki anpeche sektè labank lan penetre mache sa a (risk moral, vilnerabilite agrikiltè yo, pwoblèm aksè, bezwen kredi sektè agrikòl la ki pa menm ak pa lòt sektè yo, elt.). SYFAAH a te ka yon bon solisyon, men malerezman pwojè a pa akouche rezilta nou te ka espere yo. Kanta pou chapant mache yo, leta bezwen mennen bonjan politik pou ankouraje konkirans. Koze pou se yon ti ponyen antrepriz, biznismann ki ap kontwole yon sektè a se yon gwo fren li ye pou bon fonksyènman mache yo.

Ki politik agrikòl pou Ayiti?

Nou sot wè 4 gwo defayans mache e nou wè nan ka sektè agrikòl Ayiti a, nou jwenn tout. Sa pa etonan, paske anpil otè nan lòt peyi fè menm konsta a pou sektè agrikòl la. Yonn nan defayans yo souvan jwenn nan agrikilti peyi devlope yo gen pou wè ak anviwònman e Ayiti nou jwenn defayans sa a tou. Men reyalite Ayiti a diferan, nan sans li pa yon konsekans pratik agrikilti entansif jan sa ye nan anpil peyi devlope. Nou menm se sitou ak gwo feblès rannman nou ap fè fas, pandan nan peyi sa yo se nan chèche rannman depase limit yo rive nan enpas yo ye a.

Malgre enpòtans lòt defayans nou te wè yo, defayans ki gen pou wè ak ekstènalite yo epi byen piblik yo sanble se yo ki plis menase avni oswa menm egzistans sektè agrikòl ayisyen an. Paske si ewozyon fè pa gen tè ki ka bay manje ankò, tout lòt politik yo ap san sans. Epi degradasyon basenvèsan yo se yon malè pandje li ye sou lavi moun: plizyè siklòn ki pase deja montre jan sa ka agrave bilan yo. Pandanstan, Ministè Anviwònman (MDE) ak Ministè Agrikilti, Resous Natirèl ak Devlopman Riral (MARNDR) ap mennen yon politik san okenn koyerans kote tou de panche sou menm pwoblèm nan yon djanmankankan metodolojik ak yon kafouyay politik ki ajoute sou pwoblèm nan. Li ta bon pou yo met tèt yo ansanm pou defini yon strateji global ki genyen plis koyerans teyorik epi aplike li kòmsadwa.

Yon lòt bò, solisyon pou defayans ki gen pou wè ak chapant mache yo epi sikilasyon enfòmasyon an, se yo ki sanble pi senp, ki pa mande twòp kòb. Anpil nan yo gen pou wè ak règ, lwa nou ta dwe ka adopte san sa pa koute senkòb. Men kanta pou koze anviwònman an Ayiti, se pa pa bagay ki senp ditou paske nivo degraba li a se rezilta tout yon sistèm, epi li pran rasin nan istwa nou dènye ane sa yo men tou istwa nou depi sou tan lakoloni, jan Ricardo Parvex montre sa.

Sou baz ti refleksyon sa a, ak tout limit li genyen (gen bagay nou sèlman pase sou yo, nou pa antre pi fon ladan yo), ta sanble pou defini yon bon politik agrikòl pou Ayiti nou sètoblije mete anpil resous sou aspè anviwònman ak enfrastrikti a, pou nou ka espere jwenn bon rannman e pou agrikilti nan peyi a gen yon avni. Apre, lòt politik yo, ki dwe fèt paralèlman, tankou rechèch agwonomik, vilgarizasyon syantifik, politik ki atire envestisman epi anfen solisyon pwoblèm finansman riral yo, yo ap ka kòmanse pote rezilta toutbon. Kidonk, lapoula nou t ap konsakre pifò enèji nou nan rezoud pwoblèm ekstènalite anviwònman yo epi nan ofri plis byen ak sèvis piblik (irigasyon, kouran, edikasyon, elt.). Epi ofiramezi, pandan enpòtans pwoblèm sa yo kòmanse diminye, nou t ap ogmante pousantaj resous ki konsakre pou kreye mache agrikòl ki konpetitif toutbon.