Archives pour la catégorie Ayiti

Ki politik agrikòl pou Ayiti? (2/2)

Premye biyè nan seri sa a te prezante 4 sitiyasyon kote mache yo ka echwe. Nou te rele yo defayans mache: lè genyen ekstènalite, nan ka byen piblik yo, lè genyen enfòmasyon miwomiba ak lè chapant mache yo enpafè (tankou, lè gen monopòl). Se pa 4 sa yo sèlman ki genyen (nan yon bèl liv li soti an 2016, Tirole idantifye kèk lòt ki enpòtan anpil ki gen pou wè jistis, sikoloji moun yo ak sa li rele limit moral mache yo), men nou chwazi pa manyen aspè sa yo nan biyè sa a.

Jodi a nou pral gade 4 sitiyasyon defayans yo plis an detay atravè yon ka konkrè, sitiyasyon sektè agrikòl ayisyen an. Achak fwa nou ap eseye idantifye kèk entèvansyon leta ki te ka rezoud pwoblèm defayans mache sa yo ka lakòz yo. Pou ka rann bagay la pi senp, mwen rezime tout enfòmasyon yo pou chak defayans nan tablo nou jwenn pi ba yo epi mwen fè yon ti kòmantè tou kout sou yo.

Ekstènalite ak byen piblik

Ekondisyonalite a se yon fason yo aplike politik yo kote se sèlman moun ki adopte bon pratik ekolojik (anviwònman) ki ka benefisye èd leta yo. Yon politik ki vize sanksyone move pratik yo sanble pa twò adapte pou kontèks Ayiti a, paske moun yo vilnerab anpil. Yon apwòch ki ap chèche ankouraje bon pratik yo sanble pi adapte.

Ayiti rezève sèlman 6,25% espas nasyonal la kòm zòn pwoteje. An reyalite, ta sanble menm zòn pwoteje sa yo pa fin byen pwoteje vre. Epitou, 6,25% an piti anpil parapò ak 17% rive 27% angajman entènasyonal ayiti te pran nan kad pwotokòl Nagoya a (2010). Ayiti, se peyi nan Karayib la ki gen pi piti pousantaj la.

Anfen, gen yon gwo bezwen pase men nan enfrastrikti agrikòl yo. San pase men sa a, e san kreyasyon plis enfrastrikti, rannman yo ap toujou sa yo ye a: fèb.

Enfòmasyon miwomiba ak chapant mache enpafè

Bank yo prèske pa ofri okenn kredi agrikòl (kredi an jeneral pa toujou pi gwo sous revni bank yo). Mikwofinans lan pa toujou ofri kondisyon ki fin yès nonplis e li ap fè fas ak menm pwoblèm ki anpeche sektè labank lan penetre mache sa a (risk moral, vilnerabilite agrikiltè yo, pwoblèm aksè, bezwen kredi sektè agrikòl la ki pa menm ak pa lòt sektè yo, elt.). SYFAAH a te ka yon bon solisyon, men malerezman pwojè a pa akouche rezilta nou te ka espere yo. Kanta pou chapant mache yo, leta bezwen mennen bonjan politik pou ankouraje konkirans. Koze pou se yon ti ponyen antrepriz, biznismann ki ap kontwole yon sektè a se yon gwo fren li ye pou bon fonksyènman mache yo.

Ki politik agrikòl pou Ayiti?

Nou sot wè 4 gwo defayans mache e nou wè nan ka sektè agrikòl Ayiti a, nou jwenn tout. Sa pa etonan, paske anpil otè nan lòt peyi fè menm konsta a pou sektè agrikòl la. Yonn nan defayans yo souvan jwenn nan agrikilti peyi devlope yo gen pou wè ak anviwònman e Ayiti nou jwenn defayans sa a tou. Men reyalite Ayiti a diferan, nan sans li pa yon konsekans pratik agrikilti entansif jan sa ye nan anpil peyi devlope. Nou menm se sitou ak gwo feblès rannman nou ap fè fas, pandan nan peyi sa yo se nan chèche rannman depase limit yo rive nan enpas yo ye a.

Malgre enpòtans lòt defayans nou te wè yo, defayans ki gen pou wè ak ekstènalite yo epi byen piblik yo sanble se yo ki plis menase avni oswa menm egzistans sektè agrikòl ayisyen an. Paske si ewozyon fè pa gen tè ki ka bay manje ankò, tout lòt politik yo ap san sans. Epi degradasyon basenvèsan yo se yon malè pandje li ye sou lavi moun: plizyè siklòn ki pase deja montre jan sa ka agrave bilan yo. Pandanstan, Ministè Anviwònman (MDE) ak Ministè Agrikilti, Resous Natirèl ak Devlopman Riral (MARNDR) ap mennen yon politik san okenn koyerans kote tou de panche sou menm pwoblèm nan yon djanmankankan metodolojik ak yon kafouyay politik ki ajoute sou pwoblèm nan. Li ta bon pou yo met tèt yo ansanm pou defini yon strateji global ki genyen plis koyerans teyorik epi aplike li kòmsadwa.

Yon lòt bò, solisyon pou defayans ki gen pou wè ak chapant mache yo epi sikilasyon enfòmasyon an, se yo ki sanble pi senp, ki pa mande twòp kòb. Anpil nan yo gen pou wè ak règ, lwa nou ta dwe ka adopte san sa pa koute senkòb. Men kanta pou koze anviwònman an Ayiti, se pa pa bagay ki senp ditou paske nivo degraba li a se rezilta tout yon sistèm, epi li pran rasin nan istwa nou dènye ane sa yo men tou istwa nou depi sou tan lakoloni, jan Ricardo Parvex montre sa.

Sou baz ti refleksyon sa a, ak tout limit li genyen (gen bagay nou sèlman pase sou yo, nou pa antre pi fon ladan yo), ta sanble pou defini yon bon politik agrikòl pou Ayiti nou sètoblije mete anpil resous sou aspè anviwònman ak enfrastrikti a, pou nou ka espere jwenn bon rannman e pou agrikilti nan peyi a gen yon avni. Apre, lòt politik yo, ki dwe fèt paralèlman, tankou rechèch agwonomik, vilgarizasyon syantifik, politik ki atire envestisman epi anfen solisyon pwoblèm finansman riral yo, yo ap ka kòmanse pote rezilta toutbon. Kidonk, lapoula nou t ap konsakre pifò enèji nou nan rezoud pwoblèm ekstènalite anviwònman yo epi nan ofri plis byen ak sèvis piblik (irigasyon, kouran, edikasyon, elt.). Epi ofiramezi, pandan enpòtans pwoblèm sa yo kòmanse diminye, nou t ap ogmante pousantaj resous ki konsakre pou kreye mache agrikòl ki konpetitif toutbon.

 

Ki politik agrikòl pou Ayiti? (1/2)

Nan seri biyè sa a, nou pral gade ansanm kèk politik agrikòl teyori byennèt la nan ekonomi pèmèt nou jistifye. Chaje teyori nou ta kapab rale pou nou analize sitiyasyon sektè agrikòl ayisyen an epi imajine kèk solisyon, men pou kounye a nou ap konsantre nou sou ekonomi byennèt la ki yonn nan teyori ekonomik yo plis rale pou jistifye entèvansyon leta nan ekonomi an.

Men anvan nou antre nan kè diskisyon an, li ap bon pou nou fè yon ti prezantasyon rapid rapid sou Ayiti, agrikilti li, apre sa pou nou gade deba sou aksyon leta nan ekonomi an-espesyalman nan sektè agrikòl la. Apre sa nou ap pare pou nou gade ki eleman teyori byennèt la pote nan deba sa a ak kòman yo ka adapte ak reyalite agrikilti peyi a.

Soti depi lè ti konkonm t ap goumen ak berejèn

An nou soti dèyè nèt pou nou ale devan. An 1804, yon revolisyon esklav nan koloni franse yo te rele alepòk Sendomeng lan te chavire yon sistèm plantasyon monokilti esklavalajis Kolon franse yo te tabli. Lojik (si nou ka rele sa lojik) sistèm sa a te fè koloni an tounen yon sous matyè premyè pou Metwopòl la san posiblite fè afè ak lòt gwo pisans alepòk yo. Men koloni Sendomeng lan an nik fin pran endepandans li pou li vin tounen Ayiti, sa ou tande a yon  seri kontradiksyon-hinghang reparèt tèt yo. Espesyalman, nouvo nasyon an pa t ka jwenn yon antant sou fason pou tè yo ak richès yo depataje ant Nouvo Lib yo ak Ansyen Lib yo- sa vle di, pou pi fò, pitit Kolon yo te degèpi yo.

Anpil bagay pase depi lè a jouk nou rive an 1915, lè okipasyon meriken an ki t apral dire 19 lane. Anvan sa, Ayiti t ap fè fas ak gwo pwoblèm enstabilite politik. Pandan okipasyon sa a ki t apral fè anpil san Ayisyen-sitou san peyizan- koule san bliye dappiyanp ki te fèt sou resous peyi a, te kanmèm gen yon seri envestisman enteresan ki te fèt nan sektè agrikòl la, sitou nan sa ki gen pou wè ak enfrastrikti agrikòl.

1957: François Duvalier (Franswa Divalye) pran pouvwa a, annapre li tabli yon diktati fannfwa-zagoloray. Pandan diktati a, majinalizasyon peyizan yo, ki te deja yon reyalite t apral vin pi grav (Bastien-1951- rapòte tout nan lane 1940 yo, gen peyizan nan mòn ki te kontinye ap priye pou Wa, Rèn ak Dofen Lafrans lan tèlman yo te izole parapò ak rès peyi a). Prelèvman lajan Leta santral t ap fè sou ti peyizan yo t ap toupizi yo san yo pa jwenn anyen serye an retou.

1986: Atravè yon dechoukay, popilasyon an koupe fache ak rejim diktati a. Konstitisyon 1987 la deklare defini demokrasi nou an. Men yon seri faktè, tankou enstabilite politik, etranje ki ap foure bouch nan zafè peyi a, anbago Etazini ak lòt gwo peyi yo (pandan peryòd sa a, 1991-1994, pwodiksyon agrikòl peyi a pèdi anpil nan valè li epi anpil pyebwa koupe tou, sa ki t apral agrave sitiyasyon anviwònman an), kriz ekolojik, politik komèsyal peyi a chwazi oswa yo fè presyon sou li pou li adopte yo, gaspiyaj kòb Petro Caribe a ak koripsyon an jeneral, move gouvènans, elt. t apral mete ansanm pou rann tranzisyon demokratik la konplike epi anpeche sitiyasyon moun pwovens yo amelyore. Dapre Bank Mondyal (2014) e jan sa parèt nan grafik pi ba a, soti 2000 rive 2012, to povrete a an Ayiti bese (31% al nan 24%), pa vil yo poukont pa yo pèdi plis pwen pousantaj toujou (21% al nan 12%), kanta pou sa zòn Pòtoprens lan menm li bese soti 20% al nan 5% pandan pa zòn pwovens yo…rete nan menm nivo 38% li te ye an 2000 la! Kidonk moun pwovens yo toujou deyò wonn nan. Dayè, Ayiti se yonn nan peyi ki gen plis inegalite nan mond lan. Pou yon analiz detaye sou istwa agrikòl peyi a, gade liv Sebatien Hilaire (1995) la, Le prix d’une agriculture minière.

Sous: Bank Mondyal (2014)

Alèkile, chif nou sot wè yo ak ti rale istorik sa nou sot fè a dwe pouse nou poze kesyon sou diskou ofisyèl ki ta vle fè kwè Ayiti se yon peyi « esansyèlman agrikòl » la epi Agrikilti se yon priyorite pou gouvènman yo (menm si pwa agrikilti nan bidjè a gen tandans ogmante depi kèk ane). Dayè, an nou pwofite, rapid vit, gade pi pre pwofil sektè agrikòl Ayisyen nan kontèks ekonomi peyi a an jeneral.

Peyi esansyèlman agrikòl: palemwadsa!

Patisipasyon agrikilti nan PIB peyi a mwens pase 25% jounen jodi a, sa ki antre nan kad yon degrenngolad enpòtans li nan ekonomi an pandan sektè tèsyè a (sèvis, komès) ap vale teren nan pwen pou gen otè ki di ekonomi peyi a ap tèsyarize li. Men yon lòt bò, nou p ap bliye sektè agrikòl la kontinye bay nenpòt 50% popilasyon aktif peyi a travay. Apre sa, se 48% sèlman nan manje ki gen nan peyi a pou moun manje ki se pwodiksyon nasyonal. Rès la se sitou enpòtasyon ak yon pati ki se èd alimantè peyi a resevwa. Sa pa t toujou konsa. Te gen yon lè, pwodiksyon peyi a te sanse sifi pou bay peyi a manje. Men sa se yon lòt istwa. Jodi a, nou sitou enpòte pwodui endistriyèl (30%), manje, bwason ak tabak (23%) ak petwòl (20%). Akoz Lwa Hope la nan kontèks apre-tranblemanntè a, jodi a pifò ekspòtasyon nou se pwodui tekstil ki fèt nan faktori (80% ekspòtasyon yo), sèlman 2.9% ki soti nan sektè primè-agrikòl la. Se sitou pwodiktè yo, enpòtatè yo, sara yo, gwosis yo ak detayan yo ki asire distribisyon pwodui yo fè yo rive jwenn konsomatè a.

Vilaj Jeantilhome, Mòn Lasèl

Pifò peyi a se mòn (nou pa pote non Ayiti a, ki vle di « tè mòn », pou bèl twal). An reyalite, 80% peyi a se mòn e 60% tè yo gen pant ki depase 40%. Zòn ki resevwa plis lapli a nan sidwès peyi a pandan zòn ki resevwa mwens lapli yo nan nòdwès peyi a. Lèfini, an Ayiti, nou gen 2 sezon lepli ak 2 sezon lesèk menm si konn gen ti varyasyon sot nan yon zòn al nan yon lòt,. Genyen plis tè ki kiltive pase kantite tè ki ta dwe kiltive yo.

Peyizan ayisyen yo fè agrikilti pou yo ka viv (sibzistans) ak pou yo fè kòb (nan vann pwodui yo sou mache a). Men kanmèm, dènye resansman agrikòl la, 2008-2009, te revele nenpòt 60% eksplwatasyon yo di premye objektif yo se vann, apre sa asire pwòplamanjay yo (otokonsomasyon).

Ki manje nou pwodui? Bon, pou pwodiksyon vejetal, nou sitou fè sereyal (mayi, pitimi, diri-prèske 40% sifas agrikòl yo kiltive yo se pou sereyal e 21% sifas sereyal yo se monokilti), pwa, legim, fwi ak nwa, pistach, elt. Pou pwodiksyon animal, nou gade kabrit, bèf, kochon (pou peyizan an, sa yo ka sèvi tankou lajan sere fon fon), ak tou poul, pijon, kodenn…(pou peyizan an sa yo ka jwe wòl lajan sere yo ka itilize trapde si yo angaje). Dapre dènye resansman an, 52% agrikiltè yo pa konn li ak ekri e 52% te genyen ant 35 ak 54 lane, kidonk popilasyon agrikòl la jèn kanmèm.

Yonn nan gwo pwoblèm-makfabrik agrikilti nou an se kesyon tè a, kesyon fonsye a. Yon bò, tè yo fin fè miyèt mòso tank jenerasyon ap pase. Jodi a yon jaden an mwayèn mezire 0.5 ekta sèlman. Sa sitou pran rasin nan fason chak eritye jere tè endivizyon yo poukont pa yo a oswa jan yo ka apiye sou atik 674 Kòd  Sivil ayisyen an pou reklame yon  separasyon fòmèl. Tout sa patisipe nan fè tè yo vin fè miyèt mòso a. Michèle Oriol akVéronique Dorner fè yon bèl rale sou kesyon endivizyon ak dwa fonsye a an Ayiti.

Yon lòt bò, gen yon sitiyasyon ensekirite fonsye jeneral nan peyi a. Sa vle di anpil moun, anpil peyizan ap sèvi ak tè san yo pa ka pwouve tè yo se pa yo. Endivizyon an se yonn nan koz yo. Kèk lòt koz ensekirite fonsye a se: tranzaksyon tè enfòmèl, fèmaj tè ki dire twòp tan, dappiyanp sou tè absanteyis yo ak anvayisman tè Leta. Ensekirite fonsye a se yon pwoblèm paske li vle di 1) nenpòt lè moun nan ka pèdi tè a 2)akoz risk pou li pèdi tè a, sa ka fè li pa pran swen li oswa envesti ladan jan li t ap fè sa si pa t gen ensekirite fonsye. Ta sanble nenpòt 75% tè pwovens yo se enfòmèlman peyizan yo ap jere yo, sou baz lizay ak koutim. Kesyon tè sa a se yon kesyon ki sansib anpil, anpil moun ki al manyen dwèt yo boule. Li t ap mande, anplis revizyon lwa yo, yon bon kadas ak yon bon refòm agrè tou. Men sa tou se yon lòt pawòl…

Menm si plen aspè ki pa parèt nan ti prezantasyon ki sot fèt la sou sektè agrikòl Ayiti a nan kontèks ekonomi peyi a, li ta dwe sifi pou chita kontèks la ak anje yo pou lè nou pral aplike ekonomi byennèt la pou idantifye pwoblèm yo pi klè epi pwopoze solisyon politik agrikòl ki adapte. Men anvan nou rive la, an nou gade poukisa gen yon deba sou entèvansyon leta nan ekonomi an ak kòman deba sa a evolye.

Mache-Leta: yon istwa Kòkòt ak Figawo?

Yon fason senp (men ki chaje limit) nou kapab imajine rapò Leta avèk ekonomi an se trase yon liy, mete leta nan yon pwent epi mache a nan yon lòt pwent. Nan pwent mache a, kijan bagay yo fonksyone? Ebyen se ta kòmsidire men envizib mache a t ap bat pou malgre chak moun ap defann pwòp enterè yo, san yo pa konnen, yo patisipe nan defann yon enterè kolektif epi rive anntann yo sou yon pri ekilib.  Hayek (1945) te gen yon espresyon li te itilize pou sa, li te prezante kapasite mache a genyen pou li konsantre tout enfòmasyon enpòtan yo nan pri pwodui yo kòm yon « mèvèy ». Nan ki sans li se yon mèvèy? Imajine si se yon grenn moun poukont pa li ki t ap planifye tout aktivite sa yo! Fòk li ta panse ak tout ti bagay: sa moun yo renmen, sa yo bezwen, konbyen yo pare pou peye pou li, ki kantite yo prevwa achte, elt. Nan yon peyi ki gen plizyè milyon moun, li difisil pou imajine yon grenn moun (oswa yon enstitisyon) ta ka fè tout travay sa poukont li. Poutan, anpil fwa, mache a rive fè travay sa kanmèm byen, san pèsonn pa panse ak sa. Gedankenexperiment sa a (Eksperyans panse) nou sot fè a tou mennen nou nan lòt pwent egzanp nou an, ki se Leta.

Aksyon Leta a nan ekonomi, konpare ak pa mache a, ta plis sanble ak yon « men vizib », yon men nou ka wè. Mak fabrik leta se kapasite li genyen pou li finanse tèt li gras ak sa yo rele fisk la (gwoso modo, lajan taks ak enpo nou yo). Anplis lajan li pran sou moun yo ki gentan yon aksyon, Leta konn sèvi ak lajan sa yo pou li swa fè depans sou mache yo pou kapab enfliyanse bagay yo, swa distribye lajan oswa byen/sèvis (sibvansyon, èd, sèvis leta yo, elt.). Men aksyon leta pa rezime ak yon koze lajan oswa pwogram. Desizyon li, pawòl li tou konn enfliyanse bagay yo. Desizyon ki pi evidan ki vin nan tèt nou se lwa yo. Lwa yo bay yon kad legal ki defini epi garanti dwa popyetè yo. Tankou, se lalwa ki di men kilè yon moun ka di li posede yon tè e ak ki kondisyon li ka itilize l, vann li, elt. Menm si an reyalite bagay yo pi konplike toujou (koutim ak tradisyon konn pi fò pase lwa yo pafwa, jan nou te wè sa lè nou t ap pale de ensekirite fonsye a), san lwa sa yo nou te ka pa dakò sou anyen e sa te ka rive okenn echanj pa janm posib.

Kidonk, modèl Leta nan yon pwent, mache a nan yon pwent lan chaje limit. 2 gwo limit mwen ap site se: 1) Li bay enpresyon ekonomi an rezime ak sa k ap pase sou mache yo sèlman. Christine Delphy, nan liv L’ennemi principal (Economie politique du patriarcat) a, fè yon kritik konsa kote li raple nou plen tranzaksyon ki ap fèt deyò mache a tou, anndan fanmi yo pa egzanp (tankou transfè patrimwàn ak eritaj familyal yo) 2) Leta pa dekonekte ak mache yo. Menm si tou de pa t toujou egziste nan listwa sou fòm yo ye jounen jodi a (finalman se 2 enstitisyon ki resan), jounen jodi a nou pa ka separe yo. Relasyon yo a plis sanble yon relasyon Kòkòt ak Figawo: yonn pa mache san lòt. Distenksyon sa a, si nou fè l ak si nou pa fè l, kapab genyen gwo konsekans epistemolojik sou fason nou ap analize fenomèn ekonomik yo. Nou gen pou nou tounen sou sa, men annatandan si ou vle ou kapab li yon bèl tèks Gislain ekri sou sa (men mwen avèti nou: tèks la gen dan).

An nou gade kòman, depi 20yèm syèk la deba sou relasyon ant Leta ak ekonomi an evolye. Nan kòmansman 20yèm syèk la, teyori Keynes yo t apral sèvi pou jistifye entèvansyon Leta nan ekonomi an. Paralèlman te gen yon wounouwounou parapò ak koze pou Leta ap planifye ekonomi an, lakay otè tankou Hayek, sandout paske sa te gen ti resanblans ak ekonomi sosyalis-kominis yo. Men sa pa t anpeche « Leta sosyal » la devlope, yon leta ki peze anpil nan fonksyònman ekonomi an, nan peryòd Apre-Gè a. An 1959, Musgrave te gentan idantifye 3 gwo fonksyon leta ka jwe nan ekonomi an: yon fonksyon alokasyon pou asire l yo sèvi ak resous yo yon fason ki efikas, yon  fonksyon redistribisyon pou asire l gato a byen separe, epi yon fonksyon  estabilizasyon pou asire l pa gen twòp monte desann ak dezekilib nan ekonomi an.

Men kriz petwòl yo ta pral fè anpil moun poze tèt yo kesyon sou pètinans entèvansyon leta yo. Paralèlman, paradigm liberal la t ap penetre ti pa ti pa zansèt Oganizasyon Mondyal Komès la (OMK), sa yo te rele GATT la. Men, toutpandan Leta t ap resevwa kritik sa yo pou prezans li anpil moun te twouve ki plis bay pwoblèm olye li rezoud pwoblèm ekonomik yo, sektè agrikòl la yo te toujou trete li tankou yon ka apa, yo pa t kesyone entèvansyon leta nan sektè sa a e menm gen agiman ak teyori yo te devlope espre pou montre kòmkwa sektè sa pa yon sektè tankou tout lòt yo (farm problem) e entèvansyon leta a genyen tout sans li nan ka sa a.

Men politik agrikòl yo tou t apral finalman pran kèk frap (espesyalman nan kad deba Uruguay Round yo ki t apral finalman akouche OMK). Deba sa a, ki te sitou ap dewoule ant peyi rich yo, t apral touche peyi an devlòpman yo toutbon sandout atravè premye politik ajisteman estriktirèl FMI yo pou peyi ki gen dèt yo. Nan kad politik sa yo, yonn nan kondisyon yo te bay peyi sa yo swadizan pou ede yo reprann fòm kò yo, se redui depans leta yo.  An Ayiti, politik sa yo kòmanse touche nou nan fen ane 80 yo, yo akselere yo nan mitan ane 90 yo. 2 gwo konsekans ki gen rapò ak agrikilti nou : 1) se apati epòk sa a pwodui enpòte kòmanse ap antre libelibè sou mache nasyonal la, san twòp baryè komèsyal pandan anpil nan peyi rich sa yo (tankou Etazini) te kontinye ap soutni agrikilti pa yo e kontinye fè sa jouk jounen jodi a. 2) Gen yon seri sèvis Ministè agrikilti te konn bay li vin pa ka bay yo ankò. Yon egzanp resan ki ka montre nou akisa yon politik ajisteman estriktirèl ka sanble e ki pwoblèm li ka poze se sa ki te pase an jiyè 2018 la ki te konsekans yon antant ant Leta ayisyen ak FMI pou redui depans leta yo, espesyalman atravè eliminasyon sibvansyon gaz la.

Men an jeneral, menm anwetan konsiderasyon politik sa yo ki pa fòseman gen anyen pou wè ak ekonomi vre, kesyon pètinans entèvansyon leta nan ekonomi an, e sa gen ladan sektè agrikòl la, merite poze. Pou yon senp rezon dapre m: lajan leta yo gen yon kou opòtinite. Sa vle di pou tout depans leta ap fè, gen yon lòt bon kote li te ka fè depans sa yo: kidonk fòk li ka esplike pouki se la li chwazi depanse li olye li depanse li yon lòt kote. An gwo, sa vle di resous yo limite e bezwen yo anpil. Nou pa ka ap itilize resous yo vaykevay. E se la menm teyori yo kapab itil, paske yo gide nou nan aksyon nou yo, yo evite nou pati nan tout direksyon tankou chen fou, yo pèmèt nou konsantre efò yo sou kèk pwen enpòtan epi gen yon ide sou konsekans aksyon nou yo anvan menm nou poze aksyon sa yo. Se sa nou pral wè nan rès biyè sa a, nan ka teyori byennèt la, apre nou fin prezante gran pwen li yo.

Kite l mache!

An gwo, men sa nou pral pale. Gen yon teyori konsomatè. Gen yon teyori pwodiktè. Yo fè 2 teyori sa yo rankontre pou fòme yon teyori ekilib jeneral ki konsène tout ekonomi an. Dènye teyori sa a di gen yon sistèm pri pou tout mache yo met ansanm ki kapab fè finalman òf global la egal demann global la. Lè sa fèt, sa vle di lè pa gen ni eksè ni mank nan ekonomi an, yo di ekonomi an an ekilib. Ekilib sa a se yon ekilib jeneral. Rezònman sa nou sot fè li pou tout ekonomi an, men nou kapab fè li pou yon sektè oswa menm pou yon grenn pwodui apa: lè konsa yo di se yon ekilib pasyèl. Nou ap gen pou nou devlope tout sa yo fòmèlman lè nou fin genyen tout zouti matematik nou gen bezwen yo nan djakout, tankou zouti Analiz matematik yo (nou kòmanse deja), teyori ansanm, kalkil vektoryèl ak kalkil matrisyèl,aljèb an jeneral ak kèk eleman topoloji. Lè nou ap fè pil matematik sa yo, se pa san rezon, yo pral ede nou pi devan. Men mwen pwomèt nan biyè sa jodi a p ap gen yon grenn fòmil matematik.

Ekilib echanj nou sot di ki ka egziste sou mache yo, yo rele li yon ekilib Walras. Baz analiz ekilib jeneral la te gentan poze depi sou Walras nan fen 19yèm syèk la. Gen plizyè lòt otè ki te pote kontribisyon enpòtan, tankou Edgeworth (nosyon bwat Edgeworth la ak nosyon koub endiferans lan) ak yon pakapala ki se Pareto (li te entwodui kritè efikasite ki rele kritè Pareto a: yon repatisyon li efikas si li enposib pou ou ogmante satisfaksyon yon moun (amelyore byennèt li) san ou pa retire sou byennèt pa yon lòt moun, lè konsa yo di repatisyon sa a se yon optimòm Pareto). An 1920 tou, Pigou, ki te yon elèv Marshall -yonn nan gwo tèt ekonomi modèn nan- te pibliye yon liv ki te poze fondasyon ekonomi byennèt la (kote li pote limyè sou yon bann kesyon epi aplike zouti yo pou analize kèk sitiyasyon konkrè). An 1954, Arrow ak Debreu, de ekonomis ki te resevwa Pri Bank Syèd nan syans ekonomik lan, t apral demontre matematikman 2 teyorèm ki jodi a pote non teyorèm fondamantal ekonomi byennèt la tèlman yo enpòtan. Yo se yon aboutisman teyorik enteresan, ki ta sanble montre koyerans (entèn) ekonomi neyoklasik la, ki se kouran dominan an aktyèlman nan ekonomi. Kisa teyorèm sa yo aprann nou?

Premyèman. Lè yon seri kondisyon reyini (nou ap tounen sou yo pi ba), ebyen tout ekilib walras ap verifye kritè efikasite Pareto a, sa vle di tout ekilib Walras se yon optimòm Pareto. Men yon fason senp nou ka di sa: depi kèk kondisyon verifye, nou kapab fè mache yo konfyans pou mennen ekonomi an nan yon ekilib, e ekilib sa a ap toujou efikas, san gaspiyaj. An dezyèm, yo demontre, tout optimòm Pareto ki ta enterese ou, gen yon fason ou ka jwe sou repatisyon resous yo okòmansman pou w jwenn yon ekilib Walras ki konfonn ak optimòm Pareto sa a. Sa vle di: si solisyon mache a jwenn nan pa ta satisfè ou malgre li efikas (egzanp:ou gendwa panse li pa ekitab, ou ka panse separasyon gato sa a pa « jis ») ou kapab toujou idantifye yon solisyon ki pi « bon » dapre ou pami tout solisyon ki efikas yo epi ou jwe sou resous moun yo (sa yo rele dotasyon inisyal moun yo) apre sa ou kite mache a fè travay li, teyorèm nan bay garanti ekilib ou ap vin jwenn nan ka koresponn egzakteman ak solisyon ou te vize a.

Tout sa ka parèt abstrè (an reyalite yo abstrè, menm pou yon ekonomis). Men konsekans yo enteresan anpil. An reyalite, malgre teyori sa ta sanble dekouraje leta aji sou ekonomi an, malgre li sanble di nou nou mèt « kite l mache » se konsa nou ap jwenn pi bon rezilta yo, se teyori sa a ankò yo konn rale pou jistifye entèvansyon leta…Kòman sa? Ebyen pou teyori a ak teyorèm fondamantal byennèt yo kenbe, gen yon seri kondisyon strik ki pou verifye. Pwoblèm nan, se raman, pou nou pa di janmè, kondisyon sa yo verifye nan ekonomi an. Kidonk, ekonomis yo ankò, chak fwa yo ka montre yonn nan kondisyon sa yo pa verifye, yo konn sèvi ak sa pou di mache yo echwe (gen yon defayans mache) kidonk gen bezwen pou leta ta antre vin korije sitiyasyon an.

Se konsa moun ka sèvi ak yon teyori ki sanble ankouraje liberalis (kite mache yo mache) pou jistifye entèvansyon leta nan ekonomi an. Kidonk, li vin enpòtan pou nou konnen ki kondisyon sa yo ki dwe verifye a pou teyori a kenbe a, ki konsekans sa genyen lè yonn nan kondisyon sa yo pa verifye, epi ki aksyon ki ka poze pou korije defayans sa yo, espesyalman ki aksyon Leta ka poze pou korije sitiyasyon an. Se sa nou pral wè nan rès biyè a.

Mache yo echwe

Genyen 4 gwo sitiyasyon kote mache yo ka echwe akoz kèk kondisyon ki pa verifye.

  1. Lè genyen ekstènalite  nan ekonomi an
  2. Lè genyen byen piblik oswa byen kolektif
  3. Lè genyen enfòmasyon miwomiba oswa asimetri enfòmasyon)
  4. Lè konpetisyon an, konkirans lan pa pafè (konpetisyon enpafè)

Ekstènalite se lè aksyon yon moun afekte byennèt yon lòt moun san pa gen konpansasyon oswa reparasyon.  Egzanp klasik la se yon moun k ap fimen bò kote yon lòt moun ki pa renmen sa. Nan ka sa a, se yon ekstènalite negatif paske konpòtman moun k ap fimen an retire nan alèz lòt moun nan. Nan agrikilti, yon egzanp ekstènalite negatif se lè yo koupe yon pyebwa nan yon mòn san plante lòt nan plas li: konpòtman sa a ogmante chans pou gen inondasyon pi ba a. Men gen ekstènalite pozitif tou. Yon egzanp: chak yon moun achte yon telefòn nan yon konpayi, san li pa konnen, li ogmante valè telefòn lòt kliyan konpayi a te gentan achte yo paske plis gen kliyan nan yon konpayi telefòn se plis sa enteresan pou kliyan yo (tankou la, yo ap ka pi fasil kominike antre yo). Nan agrikilti, yon egzanp klasik ekstènalite se ka yon pwodiktè siwo myèl. Myèl li ap leve yo (abèy yo) kapab patisipe nan polinizasyon jaden vwazen yo.

Men sa nou ap remake, an jeneral, moun yo pwodui ekstènalite yo san yo pa menm konn sa: yo pa toujou konsyan benefis aksyon yo a oswa tout domaj li lakoz lòt moun. Sa se yon pwoblèm grav, paske moun nan lè konsa pran desizyon li yo san li pa pran ankont yon enfòmasyon enpòtan konsa. Tankou peyizan ki ta koupe pyebwa pou li jwenn plis espas pou li fè jaden nan mòn nan kapab patisipe, san li pa konnen, nan gwo inondasyon ki pral neye zòn pi ba yo lè sezon lepli ak siklòn. Kidonk egzistans ekstènalite yo fè swa gen pwodiksyon depase limit (ekstènalite negatif), swa pa gen ase pwodiksyon (ekstènalite pozitif).

Pou pwoblèm asimetri enfòmasyon an, mwen ekri yon biyè men longè sou li deja, Yo pa konn achte chat nan sak. Mwen ankouraje ou al li li, si ou pa ko fè sa.

Pwoblèm byen piblik, byen kolektif e menm byen lakomin yo, se yon lòt gwo pwoblèm ankò ki gen ti resanblans ak pwoblèm ekstènalite pozitif yo te poze a. Yon byen piblik se yon byen tout moun ka jwi gratis ti cheri e san sa pa nwi pèsonn. Tankou, lè mwen nan lari, lè mwen ap respire a m pa peye pou li e kèlkelanswa kantite lè mwen respire a, sa p ap retire yon yota sou lòt moun ki bezwen yo, yo ap ka kontinye respire alèz kou blèz. Poutèt byen piblik yo gratis ti cheri, poutèt pèsonn pa ka anpeche ou konsome yo, yo konn di yonn nan mak fabrik yo se aspè san-eksklizivite yo a. Lòt mak fabrik la se aspè san-rivalite yo a, sa vle di yon moun k ap konsome yo pa ka ankonbre lòt moun anpeche yo konsome li jan yo ta vle, pa gen ankonbreman, pa gen blokis, tout moun jwenn. 2 karakteristik sa yo bay pwoblèm paske kòm byen sa yo pa pou pèsonn e an menm tan yo pou tout moun, jan pwovèb la di a yo tankou kabrit plizyè mèt, yo ka mouri nan solèy. Gen chans pou pèsonn pa enterese pwodui yo.

Apre sa, lòt pwoblèm nan gen pou wè ak yon feblès nan chapant mache yo menm. Nou te gentan fè plizyè rale sou chapant mache yo sou kont Facebook nou an, nou p ap repete tout sa nou di deja yo. An rezime, mache yo fonksyone pi byen lè gen bonjan konkirans. Lè kondisyon sa pa verifye (tankou nan ka yon monopòl kote se yon grenn antrepriz sèlman k ap fè lalwa), sa ka ankouraje antrepriz yo montre pri yo, fè konplo pou kenbe pri yo wo, elt. Nou deja wè ki kalte pwoblèm sa ka poze.

Foto pi ba a rezime sa chak defayans mache nou sot wè yo ye, ki pwoblèm yo poze epi ki solisyon ki egziste.

Nan pwochen biyè ki ap suit biyè sa a, nou ap gen pou nou gade nan ka Agrikilti Ayiti a, si gen nan defayans mache sa yo nou ka idantifye, epi ki solisyon, ki politik agrikòl defayans sa yo ta ka jistifye, sou baz teyori nou sot wè a. Rete branche.

 

 

Fanm yo se moun

Mwen deside kreye yon kategori tèks opinyon sou aktyalite peyi a. Menm jan ak Howard Zinn, mwen kwè koze pwofesè, ekriven, jounalis, syantifik oblije rete net la se yonn nan pil ide tou fèt yo konvenk nou pou nou repete tankou jakorepèt paske lè konsa elit ekonomik yo ak klas politik la ka kontinye viv kè pòpòz. Netralite mwen ap pale la a, ki te ka plis rapwoche sa yo rele endiferans parapò ak gwo deba sosyete yo, pa dwe konfonn ak netralite aksyolojik la ki limenm se yon atitid ki enpòtan anpil pou bon pratik lasyans. Ernst Jean fè yon bèl rale sou diferans sa a nan yon biyè li ekri sou nosyon netralite aksyolojik la. Antouka, kit se atik opinyon kit se atik vilgarizasyon syantifik (distenksyon an ap toujou klè), lektè yo kapab kontinye konte sou bon jan analiz ekonomik ki ap toujou jarete biyè Kreyonomi yo.


fanm se moun

Sa pa gen twò lontan, Natacha Clergé nan yon atik Le National te envite nou fè yon paryaj. Li te di nou, sandipetèt, premye minis nou an pa fouti yon fanm. Epoutan, kòmansman 2017, epòk diskou envestiti #NègBannann nan (ki depi lò a vin tounen #NègPwomès la) pèsonn pa t ap pèdi jekwazandye li fè yon paryaj konsa. Paske Nèg Bannann nan te pwomèt nou aksyon administrasyon li a pral ankouraje parite fanm gason…Antouka, dènye premye minis li deziyen an se yon gason. Men sa pa ka fè nou pantan, nou te gentan konnen sitiyasyon fanm yo nan peyi a. Kidonk, se pa premye minis gason yo deziyen an ki pral choke nou (se pa la pwoblèm nan ye). Sa ki plis deranje nan peyi manman libète a, se pito absans fanm menm nan lis moun ki te premyeministrab yo pandan swadizan negosyasyon ak fòsviv nasyon an.

jomo

Jan blòg La loi de ma bouche la te gentan montre sa, lè se pa jounalis ki bliye si fanm se moun tou epi ki mal tradui pawòl yon onorab, se otorite yo ki bliye si gen fanm nan peyi a ki te ka nan lis moun ki te ka premye minis yo. Sitiyasyon sa a raple nou kèk stati fanm nou jwenn Ottawa ki selebre viktwa avanyè la (an 2009) 5 fanm vanyan ki te oblije konvenk Lakou siprèm Kanada « fanm yo se moun« , yo fè pati « moun kalifye » ki te ka nan Sena a.

Si prezans ti mal nou yo prèske kreve je nou tèlman yo toupatou sou sèn piblik la, sa pa anpeche nou ka poze tèt nou kesyon sou diferans sa kapab fè toutbon lè fanm yo pi prezan nan pòs desizyon yo. Dayè, sa pa gen twò lontan, Mèt Vita Pierre te pote kèk pwen nan deba a ki ede nou al pi lwen pase senp kesyon kota 30% fanm nan nan sèvis piblik yo dapre konstitisyon amande a-nan yon peyi kote gen plis fanm pase gason, nan yon peyi tou kote dènye resansman popilasyon an resi lanse an 2017 apre 4 lane reta.

Kesyon Vita Pierre vin avèk yo a enteresan. Yo fè nou mande tèt nou, nan yon sosyete kote gason genyen kontwòl pouvwa a, èske pa gen risk pou kota pa depaman ak achte nan sak bouda kreve. Eske fanm ki nan gwo pòs yo, ki dapre li souvan se madanm yon gason ki gen non, p ap senp fotokopi? Eske lè nou panse se fanm k ap dirije nan ti espas 30% kota minimòm nou rezève pou yo a, se pa menm dominasyon gason yo ki ap kontinye atravè fanm sa yo? Eske gen yon lidèchip fanm? Ki mak fabrik li?

Nou pa gen gwo tanta nan pwen pou nou ta pretann nou pral reponn tout kesyon sa yo. Nou ap jis pran yon egzanp teren ki soti nan peyi Lend. Kòmdefèt, kesyon sa yo gen chèchè ki te chèche reponn yo deja e repons yo jwenn yo pote eleman ki kapab pèmèt nou pwofonde kesyon sa yo. Nou jwenn istwa sa a nan liv Repenser la pauvreté a, Esther Duflo ak Abhijit Banerjee ki ekri l.

Nan peyi Lend, gram panchayat yo (Konsèy Vilaj) se yon sistèm politik kote se eleksyon lokal ki plase manm yo. Kidonk se yon apwòch desantralize. Pwoblèm ki konn poze nan nivo sa a, menm jan yon oligachi gen tandans vòlè pouvwa popilasyon an nan echèl ki pi wo yo,  se koze pou se toujou yon ti ponyen moun ki ap pale, aji, patisipe pandan rès moun yo silans, inaktif oswa pa patisipe nan desizyon yo. Fanm yo ak sila ki nan minorite etnik yo souvan viktim dappiyanp ti gwoup sa yo fè sou pouvwa a. Yonn nan fason pou konbat pwoblèm reprezantasyon oswa patisipasyon sa a se aplike yon kota. E se prensip sa menm yo aplike nan kèk Konsèy Vilaj endyen yo.

Se konsa yo konn rezève pòs direksyon pou fanm yo ak minorite yo. Alèkile, nan ane 2000 yo Esther ak Raghabendra Chattopadhyay t al chèche konnen si fason fanm yo dirije a diferan parapò ak fason gason yo dirije. Men tout moun te gentan di yo se lave men siye atè, yo p ap jwenn okenn diferans serye paske mari medam yo sèvi avèk yo pou kontinye dirije. Yonn nan egzanp yo te pran pou kore sa yo di a, se yon seri pankat kanpay elektoral pou medam ki kandida yo kote foto mari medam sa yo te plis parèt pase foto fanm nan li menm…Dapre popilasyon an, dirijan fanm sa yo se fotokopi. Men chèchè yo te fè tèt di yo kontinye rechèch la kanmèm. Yo te sezi wè gen gwo diferans ant politik medam yo ak pa mesye yo, kontrèman ak sa moun yo te anonse.

Tankou, nan yonn nan Eta yo, chak 5 an, yon Konsèy Vilaj sou 3 yo chwazi konsa konsa, se sèl fanm ki ka patisipe nan elekesyon pou vin dirijan vilaj la. Chèchè yo dekouvri lè se tou pa medam yo gen plis envestisman ki fèt nan enfrastrikti ki kapab chanje lavi medam yo dirèkteman (tankou wout ak dlo potab). Gen yon lòt eta menm ki gen repitasyon yon eta ki matchis anpil, kote bezwen medam ki ladan yo se te plis pou dlo potab alòske mesye yo te plis vle konstriksyon wout, chèchè yo dekouvri lè se fanm ki dirije vilaj yo gen plis depans ki fèt vre pou dlo potab pase konstriksyon wout. Lòt rechèch ki fèt nan peyi Lend sanble konfime tandans sa: priyorite medam k ap dirije yo pa toujou menm ak pa gason yo.

Rezilta sa yo kanmèm ede nou konprann enpòtans pou gen plis fanm k ap pran desizyon politik nan peyi a, menm si nou pa ka dekonekte rezilta yo totalman parapò ak sosyete peyi Lend lan, ki konplèks anpil e ki gen mak fabrik li. Si nou kontinye mete mwatye popilasyon an deyò wonn nan nan espas kote gwo desizyon yo ap pran, nou dwe pare tou pou nou pote chay sosyete miwo miba politik nou yo ap kreye yo. Plis divèsite nan espas politik yo kapab, menm si se pa yon resèt mirak (egzanp Lend lan montre sa tou…) pèmèt lòt mwatye popilasyon an jwenn solisyon pou pwoblèm ki ap afekte li yo. E anpil nan pwoblèm sa yo, menm si tout moun konnen yo, se pa tout moun ki viv yo…

LEND:YON PEYI KOTE LÈT LA KOULE PI FRE (OPERATION FLOOD)

Mahatma Gandhi
Sa pa gen twò lontan, nan mitan mwa janvye 2017 la, nou te aprann Japon fè peyi a kado 282 000 sak diri. Gen anpil moun sa te choke. Poutan, diri sa se te pou leta ka vann li anndan peyi a epi resèt li fè a li ap ka itilize li pou li envesti nan pwojè devlòpman, tankou konstwi yon mache piblik nan yon zòn. Lè konsa, yo di gouvènman an monetize èd alimantè a, sa vle di li fè manje yo ba li a tounen lajan li ka itilize pou finanse pwojè. Men kisa nou ka di sou koze monetizasyon sa a? Èske gen ekzanp lòt peyi kote sa bay rezilta?Èske li kapab yon bon bagay?  Ki pwoblèm li poze?
Peyi Lend kapab yon modèl nan fason yon peyi ki pa ko fin devlope kapab itilize manje lòt peyi ap ba li, pou li ka bouste pwòp pwodiksyon agrikòl pa li e konsa vin granmoun vant li. Jodi a nou pral fè yon ti pale sou yon kokennchenn pwogram devlopman sektè lèt, peyi Lend te mete sou pye apati 1970, ki rele « Operation Flood », ki fè jounen jodi a Lend vin pi gwo pwodiktè lèt nan MOND lan, alòske anvan sa pwodiksyon lèt nan peyi sa t ap benyen chen.

GRANGOU APRE ENDEPANDANS PA DOUS
Lend se yon peyi ki te konn benefisye èd alimantè lòt peyi, sitou gras ak Pwogram Alimantè Mondyal la (PAM), yon pwogram Ayiti benefisye tou. Èpoutan Lend te rive fè agrikilti li a fè yon ti goute Revolisyon Vèt la, apre li fin pran endepandans li nan lane 1947 nan men Angle yo e pandan sektè agrikòl li a te gen gwo difikilte. Sa nou rele Revolisyon Vèt la se yon « mouvman politik » pou bouste agrikilti a ki te lanse nan ane 40 yo nan peyi Meksik e ki t apral simayen kò li nan anpil peyi lòt peyi ki sou wout devlopman. Li te chita sou 3 gwo wòch dife : itilize varyete plant ki bay gwo rannman, itilize anpil angrè ak pwodui ki pwoteje plant yo kont bèt ak maladi, epi itilize irigasyon pou wouze tè yo pou yo ka rann plis. Men malerezman, sa ki pase, se yon ti pati sèlman nan peyi Lend ki te rive benifisye politik sila a : zòn ki te deja byen kanpe yo jwenn tout pandan yo bliye zòn defavorize yo, gwo zotobre ak gwo pwopyetè yo jwenn tout alòske ti peyizan yo pa souse yon mant. Èpi sa pa t anpeche tè agrikòl yo kontinye fè miyèt mòso tank jenerasyon yo ap pase. Soti nan ane 80 rive nan ane 90, kantite tè yon eksplwatasyon agrikòl te genyen, gwosomodo, te soti nan 1.8 ekta (ha), sa vle di mwens pase yon kawo tè edmi,  tonbe nan 1.5 ha. Kidonk, nou ka konprann, bagay la pa t myèl pou agrikilti peyi Lend. Nou ap note degrengolad sa pa twò depaman ak sa Ayiti kontinye ap viv la, kote jounen jodi a se 0.5 ha sèlman  an mwayèn pou yon antrepriz agrikòl.
Kifè, se konsa, tank ane 70 yo ap pwoche, dirijan peyi Lend yo kòmanse sispèk yo genlè pa ta dwe konte twòp sou jaden yo e se konsa yo kòmanse vize elvaj la pito, sitou pwodiksyon lèt la. Ant 1947 ak 1970, pwodiksyon lèt nan peyi Lend t ap dòmi pou nou pa di li te an degraba, e se te yon pwodiksyon tradisyonèl avèk ti peyizan. Poutan, yon bò, te gen yon eksperyans koperativ lèt ak ti pwodiktè nan yon zòn ki rele Anand nan peyi Lend ki te bay anpil bon rezilta gras ak yon potorik gason yo rele Kurien, yon lòt bò peyi Èwòp yo te gen lèt agogo ki ap gaspiye e yo te pare pou fè Lend kado nan lèt yo gen anplis la. Dayè alepòk Lend pa t ka pwodui ase lèt pou satisfè bezwen plis pase 300 milyon endyen ki te genyen nan peyi sa a. Kounye a, leta di konsa sa fè li pa itilize poud lèt peyi Èwòp yo ap fè li kado yo pou li vann, sa vle di monetize yo, epi itilize lajan sa pou li devlope pwodiksyon lèt li an nan tout peyi a sou baz modèl koperativ la. Kidonk, toutpandan Lend t ap resevwa poud lèt Lewòp yo ki te itil li pou li konble vid pwodiksyon nasyonal li a pa t ka fin kouvri a, li t ap pwofite vann li pito epi itilize lajan an pou kore pwodiktè lèt lokal yo, sitou ti pwodiktè yo, nan kad yon kokennchenn pwogram devlòpman kote koperativ yo t apral jwe wòl potomitan. Se sa yo t apral rele Operation Flood la oswa Operasyon Agogo. Yo menm konn rive rele li Revolisyon Blanch lan, akoz koulè lèt genyen an e akoz kokennchenn enpak Operasyon sa te gen sou lavi moun.

YON KOKENNCHENN OPERASYON
Nan premye faz Operasyon sa a, soti ane 70 rive 80, se sanse sèl kòb monetizasyon an ki te sous lajan pou leta kapab finanse devlopman koperativ lèt yo, kore yo epi tabli koneksyon ant yo menm ak konsomatè ki nan vil nan yo. Lewòp fè Lend kado 126 000 tòn lèt an poud ak 42 000 tòn luil bè ki fèt ak lèt. Nan dezyèm faz operasyon an (81-85), anplis èd alimantè a, Bank Mondyal te prete Lend kòb tou pou li ka bouste pwodiksyon lèt la pi plis, dayè depi tan sa Lend te gentan prèske pwodui ase lèt pou tout popilasyon an gras ak nenpòt 43 000 koperativ ki te gentan kreye pandan Operasyon an! Twazyèm faz la, soti 85 rive 96, prèske finanse menm jan ak dezyèm nan avèk yon finansman 360 milyon dola fwa sa nan men Bank Mondyal. Faz sa a pèmèt 30 000 lòt koperativ lèt rive kreye! Finalman, an 1998, Lend pran plas premye pwodiktè lèt nan mond lan nan men Ètazini.

Paneer, yon fwomaj endyen
(Source:  Sonja Pauen – Stanhopea – Own work, CC BY 2.0)

Pou nou ka byen konprann kalite pwogrè ki fèt la, li bon pou nou konnen gras ak Operasyon Flood la,  pwodiksyon an soti nan mwens pase 30 milyon tòn chak ane rive 87 milyon an 2003, sa ki fè kantite lèt ki disponib pou chak grenn Èndyen soti nan 107 gram chak jou rive nan plis pase 190 gram, alòske kantite moun ki gen nan peyi a ap pike monte (jodi a Lend se dezyèm peyi ki gen plis moun nan mond lan, ak 1.2 milya abitan men yo prevwa disi 2020 chif nou sot bay pou pwodiksyon lèt chak ane a ap triple). Se nenpòt 100 milyon fanmi, kote pifò se ti peyizan ki pafwa pa menm posede tè, ki rive fè plis lajan gras ak Operasyon Flood la. Dayè 70% nan lèt Lend pwodui a soti lakay ti peyizan ki apenn gen 2 bèf! Kidonk malere yo benefisye pwogram sa anpil! Lajan yo fè nan lèt la kapab soti nan yon ka rive menm nan mwatye total lajan yo fè. Jodi a se nenpòt 100 000 koperativ vilaj ki ap fonksyone nan sektè lèt la e ki fòme yon rezo e anpil òganizasyon pran ekzanp Lend lan tankou yon modèl pou lòt peyi.


AN NOU PA KONFONN MONETIZE AK BETIZE
Gen anpil pwogram monetizasyon nan mond lan. Ayiti kole zepòl li ak Japon pou li monetize èd diri li ap resevwa depi nenpòt 10 zan yo konsa epi ak lajan sa li di li ap envesti nan devlopman. Menm si pwogram monetizasyon yo kapab yon boustè vre, tankou nan ekzanp Lend lan, men gen anpil kritik yo fè yo tou. Yo sispèk yo konn enfliyanse oswa deranje pwodiksyon lokal nan peyi ki ap resevwa èd la paske pwodui ki nan èd la konn antre an konkirans ak li oswa li ka fè pri pwodui lokal yo bese si pwodui èd la vann twò ba pri, sa ki ka dekouraje pwodiktè lokal yo.

Nan ka pa Ayiti a, kontrèman ak ekzanp Lend lan, pwojè devlopman monetizasyon an ap finanse yo se vre yo sanble enteresan, men dapre nou yo rete plon gaye. Lè ou ale sou sit biwo leta ki ap jere koze sa a, ou wè yo nan tout sòs: sekirite alimantè, kreyasyon djòb, enfrastrikti, agrikilti, kreyasyon mache libelibè, enfrastrikti tankou wout, sante ak edikasyon, elatriye. Mezanmi, pise gaye pa kimen, se sa pwovèb la di. Nou panse, dwe gen gwo analiz ki pou fèt anvan nou deside rantre 282 000 sak diri nan peyi a pou nou ka sèten li pap deranje pwodiksyon nasyonal nou an ki deja an mal makak akoz diri ameriken an e plan konsa ta merite debat ak popilasyon an. Men tou, si nou di nou ap fè monetizasyon nou bezwen genyen objektif ki pi klè, pi presi pou nou ka bonjan pwofite monetizasyon ki ap fèt la e fè li tounen yon boustè pou devlopman peyi nou, tankou Lend. Tout an 2000, Lend te toujou ap resevwa manje nan men lòt peyi, jodi a li se youn nan peyi ki bay plis manje pou distribye nan lòt peyi ki nan bezwen. Ala bèl ekzanp!
Nou te kontan pote ti dosye sa a pou ou. Nou ap tann kòmantè pa ou. Di nou sa ou panse? Èske dapre ou èd alimantè a se yon nesesite, yon pwazon oswa yon bagay nou ka pwofite pou devlope peyi nou? Pa bliye like paj Krekonomi an pou ankouraje nou si ou poko fè sa epi pataje sa nou sot di yo ak lòt moun. Nou ap tann kòmantè ou.

Kèk referans:

4 ERÈ POU OU PA FÈ LÈ OU AP PRAN LAJAN KREDI

1) Kouri panse to enterè yo di ou a se li ki to toutbon an

Youn nan bagay ki pi enpòtan pou ou menm ki ap resevwa lajan an se to enterè a, paske se li ki ap di ou konbyen lajan ou prete a ap koute ou. Menm jan lè ou achte yon bagay nan magazen li gen yon pri, konsa tou nou ta kapab di to enterè a se pri chak blòk 100 pyas ki nan manman lajan ou prete a. Men fòk nou fè atansyon, reyalite a pi konplike lontan e li fasil pou ou pran nan kout mato. Pou nou kòmanse, annou di gen yon to yo rele “to efektif”. Nou menm nou ka rele li “to toutbon” an. Se li ki sanse vrè pri lajan ou prete a. Li di ou, soti nan lè ou prete manman lajan an jiskaske ou fin remèt li nèt, men konbyen kòb enterè ou ap peye ototal sou chak 100 pyas. Pwoblèm nan kounye a se paske pifò bank, enstitisyon oswa moun ki ap prete lajan, se pa to toutbon an yo di moun. Yo souvan ba ou yon to ki pi piti, alòske to toutbon an ka fè nenpòt plizyè fwa li. Kidonk moun nan panse li ap remèt yon tikras kòb anplis sou chak 100 pyas epoutan li ap remèt plis kòb lontan disi pou lajan an fin remèt. Nou ka konprann poukisa pifò bank derefize di kliyan yo to efektif la! E leta pa fè anyen pou sa chanje! Lòt to yo bay pi souvan an yo rele li « to nominal ». To nominal la jis di ou sou ennan oswa 6 mwa, 3 mwa, 1 mwa, elatriye, konbyen kòb ou ap gen pou ou bay anplis sou chak 100 goud ou prete.
1) metòd lineyè a (yo rele li metòd “flat” tou, sa vle di li ale dwat)
2) metòd degresif la (degresif vle di yon bagay ki ap desann ofiramezi).
Nan metòd lineyè a, chak fwa ou peye enterè yo manman lajan an rete la, li pa bese, kit ou peye mòso nan manman lajan an kit ou pa peye mòso. Kidonk enterè a se toujou parapò ak manman lajan an yo fè ou peye li jiskaske ou fin remèt tout manman lajan an, e ou toujou peye menm kòb la chak fwa jiskaske ou fin remèt. Li gen avantaj li, ekzanp, lè ou ap prete moun ki pa maton nan fè gwo kalkil lajan (tankou, gen moun ki pat gen chans rive lwen lekòl), li konn pi senp pou moun nan annik konnen li gen yon sèl kòb li ap peye chak lè. Kanta pou metòd degresif la, chak fwa ou peye yon pati nan manman lajan an, pwochen enterè yo ap fè ou peye a se parapò ak rès manman lajan an, sa ou poko remèt la. Nou ka konprann rapid rapid ak metòd degresif la, chak fwa, ofiramezi, ou ap gen mwens enterè pou ou peye paske yo kalkile enterè ou ap peye yo parapò ak sa ki rete pou ou peye nan manman lajan an. Anjeneral, ak yon to degresif ou ka peye nenpòt mwatye enterè ou t ap peye ak to lineyè a, menmsi to yo ta parèt egal. Se sa ki fè li enpòtan anpil pou ou konn ak ki to ou annafè.

3) Kouri panse lajan yo prete ou a se li ki manman lajan an

Souvan, bank yo ak lòt enstitisyon yo ajoute yon frè dosye sou kòb yo prete ou a. Lè konsa veritab manman lajan an se kòb ou konnen ou prete a PLIS frè dosye yo. E se parapò avèk li yo fè ou peye enterè a. Lòt fason yo ka fè sa tou, olye yo ajoute frè dosye a sou kòb yo di yo prete ou a, yo annik retire li ladan pito. Ekzanp, yo di ou se 40 000 goud yo prete ou, men anreyalite gendwa se 39 000 goud yo lonje ba ou paske yo gendwa tou retire yon 1000 goud pou frè dosye (chif sa yo pa bon chif, se ekzanp yo ye). Sa yo pa vrèman pwoblèm, men li bon pou ou konnen sa epi konnen konbyen frè dosye a ye avan ou siyen kontra, paske yo pa konn achte chat nan sak.

4) Bliye si bagay yo toujou koute plis pase sa nou panse yo koute a

Menm to toutbon an (to efektif la) pa ka di ou tout depans ou fè toutbon akoz lajan sa ou prete a. Gen 2 bagay anpil moun toujou bliye ki anpeche yo konnen konbyen lajan yo prete a koute yo toutbonvre: kou tranzaksyon ak kou opòtinite. Kisa yo ye? Enben se pa yon bon maten moun nan leve li jwenn lajan an prete, sitou si se nan men labank li prete l. Sa ka rive moun nan fè yon bann ti depans sou kote, anvan li resi jwenn lajan an prete, tankou: peye taptap pou li al labank lan, enprime papye oswa fè fotokopi. Men se pa sèl lajan li depanse ki depans, fòk nou konte tou tout tan li pèdi nan monte desann, fè rechèch, mande zanmi li konsèy, negosye, elatriye. Tout depans sou kote sa yo, keseswa nan tan oswa nan lajan moun nan depanse pou li rive fè afè a (tranzaksyon an), yo rele yo kou tranzaksyon. Men fòk nou pa bliye tou, sa yo rele kou opòtinite lajan ou prete a.
Kou opòtinite kredi ou pran an kapab to enterè pi bon zafè ou te ka jwenn nan men yon lòt moun oswa nan men yon lòt bank. Si tout bagay t ap mache byen, to enterè a te dwe tou egal ak kou opòtinite kredi a e ou t ap jwenn menm to enterè a toupatou, kèlkeswa kote ou pase. Malerezman sa konn rive ou panse ou fè yon bon afè epi te gen yon lòt afè ki te bon pase li. Nou ap gen pou nou tounen sou koze kou opòtinite sa a nan yon lòt atik. Kidonk randevou kase.
Annatandan, pa bliye like atik la ak paj Krekonomi an ki pote l pou ou epi pataje ti prensip sa yo ak lòt moun ou konnen sa ka itil. Kredi ka kokobe biznis ou, konsa tou li ka voye li monte byen wo. Lesansyèl se kale je ou epi fè bon zafè.