Ki politik agrikòl pou Ayiti? (2/2)

Premye biyè nan seri sa a te prezante 4 sitiyasyon kote mache yo ka echwe. Nou te rele yo defayans mache: lè genyen ekstènalite, nan ka byen piblik yo, lè genyen enfòmasyon miwomiba ak lè chapant mache yo enpafè (tankou, lè gen monopòl). Se pa 4 sa yo sèlman ki genyen (nan yon bèl liv li soti an 2016, Tirole idantifye kèk lòt ki enpòtan anpil ki gen pou wè ak jistis, sikoloji moun yo ak sa li rele limit moral mache yo), men nou chwazi pa manyen aspè sa yo nan biyè sa a.

Jodi a nou pral gade 4 sitiyasyon defayans yo plis an detay atravè yon ka konkrè, sitiyasyon sektè agrikòl ayisyen an. Achak fwa nou ap eseye idantifye kèk entèvansyon leta ki te ka rezoud pwoblèm defayans mache sa yo ka lakòz yo. Pou ka rann bagay la pi senp, mwen rezime tout enfòmasyon yo pou chak defayans nan tablo nou jwenn pi ba yo epi mwen fè yon ti kòmantè tou kout sou yo.

Ekstènalite ak byen piblik

Ekokondisyonalite a se yon fason yo aplike politik yo kote se sèlman moun ki adopte bon pratik ekolojik (anviwònman) ki ka benefisye èd leta yo. Yon politik ki vize sanksyone move pratik yo sanble pa twò adapte pou kontèks Ayiti a, paske moun yo vilnerab anpil. Yon apwòch ki ap chèche ankouraje bon pratik yo sanble pi adapte.

Ayiti rezève sèlman 6,25% espas nasyonal la kòm zòn pwoteje. An reyalite, ta sanble menm zòn pwoteje sa yo pa fin byen pwoteje vre. Epitou, 6,25% an piti anpil parapò ak 17% rive 27% angajman entènasyonal ayiti te pran nan kad pwotokòl Nagoya a (2010). Ayiti, se peyi nan Karayib la ki gen pi piti pousantaj la.

Anfen, gen yon gwo bezwen pase men nan enfrastrikti agrikòl yo. San pase men sa a, e san kreyasyon plis enfrastrikti, rannman yo ap toujou sa yo ye a: fèb.

Enfòmasyon miwomiba ak chapant mache enpafè

Bank yo prèske pa ofri okenn kredi agrikòl (kredi an jeneral pa toujou pi gwo sous revni bank yo). Mikwofinans lan pa toujou ofri kondisyon ki fin yès nonplis e li ap fè fas ak menm pwoblèm ki anpeche sektè labank lan penetre mache sa a (risk moral, vilnerabilite agrikiltè yo, pwoblèm aksè, bezwen kredi sektè agrikòl la ki pa menm ak pa lòt sektè yo, elt.). SYFAAH a te ka yon bon solisyon, men malerezman pwojè a pa akouche rezilta nou te ka espere yo. Kanta pou chapant mache yo, leta bezwen mennen bonjan politik pou ankouraje konkirans. Koze pou se yon ti ponyen antrepriz, biznismann ki ap kontwole yon sektè a se yon gwo fren li ye pou bon fonksyènman mache yo.

Ki politik agrikòl pou Ayiti?

Nou sot wè 4 gwo defayans mache e nou wè nan ka sektè agrikòl Ayiti a, nou jwenn tout. Sa pa etonan, paske anpil otè nan lòt peyi fè menm konsta a pou sektè agrikòl la. Yonn nan defayans yo souvan jwenn nan agrikilti peyi devlope yo gen pou wè ak anviwònman e Ayiti nou jwenn defayans sa a tou. Men reyalite Ayiti a diferan, nan sans li pa yon konsekans pratik agrikilti entansif jan sa ye nan anpil peyi devlope. Nou menm se sitou ak gwo feblès rannman nou ap fè fas, pandan nan peyi sa yo se nan chèche rannman depase limit yo rive nan enpas yo ye a.

Malgre enpòtans lòt defayans nou te wè yo, defayans ki gen pou wè ak ekstènalite yo epi byen piblik yo sanble se yo ki plis menase avni oswa menm egzistans sektè agrikòl ayisyen an. Paske si ewozyon fè pa gen tè ki ka bay manje ankò, tout lòt politik yo ap san sans. Epi degradasyon basenvèsan yo se yon malè pandje li ye sou lavi moun: plizyè siklòn ki pase deja montre jan sa ka agrave bilan yo. Pandanstan, Ministè Anviwònman (MDE) ak Ministè Agrikilti, Resous Natirèl ak Devlopman Riral (MARNDR) ap mennen yon politik san okenn koyerans kote tou de panche sou menm pwoblèm nan yon djanmankankan metodolojik ak yon kafouyay politik ki ajoute sou pwoblèm nan. Li ta bon pou yo met tèt yo ansanm pou defini yon strateji global ki genyen plis koyerans teyorik epi aplike li kòmsadwa.

Yon lòt bò, solisyon pou defayans ki gen pou wè ak chapant mache yo epi sikilasyon enfòmasyon an, se yo ki sanble pi senp, ki pa mande twòp kòb. Anpil nan yo gen pou wè ak règ, lwa nou ta dwe ka adopte san sa pa koute senkòb. Men kanta pou koze anviwònman an Ayiti, se pa pa bagay ki senp ditou paske nivo degraba li a se rezilta tout yon sistèm, epi li pran rasin nan istwa nou dènye ane sa yo men tou istwa nou depi sou tan lakoloni, jan Ricardo Parvex montre sa.

Sou baz ti refleksyon sa a, ak tout limit li genyen (gen bagay nou sèlman pase sou yo, nou pa antre pi fon ladan yo), ta sanble pou defini yon bon politik agrikòl pou Ayiti nou sètoblije mete anpil resous sou aspè anviwònman ak enfrastrikti a, pou nou ka espere jwenn bon rannman e pou agrikilti nan peyi a gen yon avni. Apre, lòt politik yo, ki dwe fèt paralèlman, tankou rechèch agwonomik, vilgarizasyon syantifik, politik ki atire envestisman epi anfen solisyon pwoblèm finansman riral yo, yo ap ka kòmanse pote rezilta toutbon. Kidonk, lapoula nou t ap konsakre pifò enèji nou nan rezoud pwoblèm ekstènalite anviwònman yo epi nan ofri plis byen ak sèvis piblik (irigasyon, kouran, edikasyon, elt.). Epi ofiramezi, pandan enpòtans pwoblèm sa yo kòmanse diminye, nou t ap ogmante pousantaj resous ki konsakre pou kreye mache agrikòl ki konpetitif toutbon.

 

Répondre

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l'aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Google

Vous commentez à l'aide de votre compte Google. Déconnexion /  Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l'aide de votre compte Twitter. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l'aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s