YO PA KONN ACHTE CHAT NAN SAK

 

ENFOMASYON MIWOMIBA

Pwovèb kreyòl sa a montre tout pwoblèm sa ka poze lè yon moun ap vann ou yon bagay epi ou pa ka verifye si sa li ap vann ou an bon. Epoutan, moun nan konn vle vann ou bagay la e pafwa sa li ap vann nan ka byen bon. Pwoblèm nan se paske anpil fwa se sèl li ki konnen sa ki anndan sak la, sa vle di li gen yon enfòmasyon ou pa genyen alòske enfòmasyon an enterese ou. Ekzanp, si ou pa konnen anyen nan mekanik epi machin ou pran pàn, lè mekanisyen an di ou se yon gwo pàn machin nan genyen se sèl li ki konnen si se sou plan li ap pran ou oswa si se laverite. Kalite sitiyasyon sa yo, lè yo parèt, kote gen yon « enfòmasyon miwomiba » ant 2 moun ki ap fè yon tranzaksyon, kapab kokobe yon mache nan pwen pou pèsonn pa kapab achte epi pèsonn pa kapab vann epoutan genyen moun ki bezwen achte epi genyen moun ki bezwen vann. Nan lang franse, fenomèn enfòmasyon ak fòs kote sa a, yo rele li « asymétrie d’information », li enterese ekonomis yo anpil. Nou pral wè poukisa, epi ki solisyon yo jwenn ak pwoblèm sila a.
Se avanyè la, depi ane 1970, gras ak travay yon ekonomis yo rele George Akerlof (nan lane 2001 yo ba li yon pri Nobèl poutèt sa), ekonomis yo resi byen konprann jis nan ki pwen pwoblèm enfòmasyon miwomiba a se yon pwoblèm grav ki kapab menm kokobe yon ekonomi oswa yon mache. Egzanp misye te pran an senp : li eseye gade sa ki ap pase sou mache kote yo ap vann machin dezyèm men yo. Pou li senplifye travay la, li di gen 2 kalte machin dezyèm men ki ap vann : bon machin ak move machin. Bon machin yo nou ap rele yo « bijou », paske tout moun ki ap chèche machin dezyèm men ta renmen tonbe sou yo. Move machin yo nou ap rele yo « manje ranje » paske, menm si yo parèt anfòm, an reyalite se bogota ki san valè yo ye. An nou di mwatye nan machin dezyèm men yo se « bijou », lòt mwatye a se « manje ranje » epi annou konsantre nou sou yon sèl mak machin. Moun ki ap vann bijou yo gen yon pri minimòm yo pare pou yo vann li, annou di 4 000 dola (ameriken). Moun ki ap achte yo gen yon pri maksimòm yo pare pou yo peye e ki depase 4 000 dola (si li te pi ba, tranzaksyon an pa tap posib), annou di 5 000 dola. Kounye a, annou di tou se sèl moun ki ap vann nan ki konnen si se yon bijou li gen nan men li oswa si se yon « manje ranje » li ap ofri.

MACHIN BON ZENZENN FAS AK MACHIN BOGOTA

Mwen menm ki pa konnen, kòm gen 50% chans pou sa mwen ap achte a se yon bijou e 50% chans pou li se yon bogota, nan 5 000 dola mwen te dispoze bay la, mwen ka deside se 50% sèlman mwen ap bay ladan li sa vle di 2 500 dola, e si machann nan se 4 000 dola li te di mwen se sèlman 50% nan kòb li di a mwen ap pare pou mwen bay, sa vle di 2 000 dola. Kidonk, si mwen di mwen ap bay yon pri ki ant 2 000 dola ak 2 500 dola, mwen pa mechan pou sa epi machann nan ta dwe dakò avèk mwen. Pwoblèm nan, se paske machann ki ap vann « manje ranje » a, si se sou li mwen tonbe, ap kouri aksepte vann li nan pri sa a (piske « manje ranje » yo san valè) men machann ki gen « bijou » a ap twouve se frekansite e li ap refize vann mwen « bijou » li a nan ti pri sa a. Konsekans : tout moun ki genyen bon machin yo (« bijou » yo) ap pito kenbe machin yo nan men yo pase pou yo vann li yon bouda monnen e se sèl moun ki gen bogota yo ki ap rete sou mache a. Pwoblèm nan kounye a se paske moun ki ap achte yo gentan konnen okenn moun ki gen yon bon machin p ap vin vann li sou mache a, kifè yo ap bese pri a pi ba toujou jiskake mache a kraze nèt oswa sèl machin ki rive vann yo se pou yon ti retay monnen yo vann yo.
Egzanp teyorik sa a montre jis nan ki pwen pwoblèm enfòmasyon ki gen fòs kote sa a kapab grav : gen moun ki vle achte, gen moun ki vle vann men alafen anyen pa ka vann.
Tout moun konnen jan li difisil pou jwenn yon bon machin dezyèm men paske li fasil pou pran nan bouden. E sa bay kè sote paske gen anpil sitiyasyon kote moun ou ap achte nan men li an genyen enfòmasyon enpòtan oumenm ou pa genyen.  Egzanp : si sa ou ap achte pou ou manje yo fèt nan bon kondisyon; si bank ki ap resevwa lajan ou a ou ka fè li konfyans; si mekanisyen an p ap ba ou manti; si doktè a pa di ou ou bezwen fè sezaryèn san rezon pou li ka fè yon kòb sou ou osnon pou yon lòt rezon egoyis; si operasyon doktè a di ou fè a ou bezwen fè li vre; elatriye. Èske w ka site kèk lòt sitiyasyon kote enfòmasyon an gen fòs kote?
Men tout moun konnen tou, malgre pwoblèm sa a nou sot pale a, an reyalite moun yo jwenn yon fason pou yo fonksyone kanmèm. Dayè, yo genyen enterè jwenn yon solisyon. Pou nou jwenn solisyon pwoblèm sa a, gen 2 fason nou ka pwoche li. Nou ka chèche konnen kisa moun ki gen plis enfòmasyon an ka fè pou l pataje enfòmasyon li genyen an (1) oswa nou ka chèche konnen kisa moun ki gen mwens enfòmasyon an ka fè pou li fòse moun ki gen plis enfòmasyon an pataje enfòmasyon li genyen anplis la avèk li (2). Premye apwòch la, se li yon ekonomis Pri Nobèl ki rele Michael Spence te chwazi, li rele li signalinglòt la se li ekonomis Pri Nobèl Joseph Stiglitz te pito analize, li rele li screening.

FÈ BAGAY ZÒT P AP KA IMITE

Kòman yon machann ka fè pou li konvenk yon lòt sa li ap vann li an se bagay kalite, bon zenzenn, lè machann sa a genyen enfòmasyon lòt moun nan pa genyen? Pou Spence, li pa sifi pou machann nan an nik di moun nan: “sa mwen ap vann ou an bon wi”, paske moun ki ap vann nan fo mamit la ka di menm bagay la tou. Ou p ap konnen kiyès pou ou kwè. Sèl fason ou ka kwè moun nan lè li ba ou yon enfòmasyon sou kalite pwodui ou vle achte a, se si siyal li voye ba ou a, pou li di ou sa a se sèl li ka voye li ba ou : fòk moun ki ap vann nan fo mamit la (tankou machann « manje ranje » yo) pa ka voye menm siyal sa a. Se poutèt sa bank yo gwo konsa! Se poutèt sa tou sanble gwo konpayi yo depanse tout milyon sa yo nan kontinye fè piblisite, ki pafwa pa menm gen sans men ki koute chè! Se poutèt sa tou li ka itil, si pa egzanp ou se kontab, pou ou gen yon dezyèm diplòm ki difisil, pou lafòm, menmsi diplòm sa a pa genyen travay pou li epi menmsi li pa genyen rapò ak premye diplòm ou an (tankou, Spence te pran egzanp diplòm nan « filozofi »), paske sa ka pèmèt ou jwenn yon djòb kontab sou yon moun ki pa genyen diplòm filozofi a.
Vrèmanvre, patwon an ki ap li Curriculum Vitae ou a, pa konnen si ou pa yon blofè oswa yon parese (sa pa make sou figi ou), men si ou gen kouraj pou ou te al fè yon lòt etid tout moun konnen ki difisil (tankou « filozofi »), ebyen sa voye yon siyal ki di ou ka yon bon anplwaye. Menm jan an tou, yon bank ki gen pwojè vòlè lajan kliyan li yo pa gen okenn enterè envesti nan yon gwo batiman piske li konnen nenpòt lè li ka bezwen lage cha a (tout moun konnen istwa ti bank bòlèt ki konn la jodi yo epi ki disparèt demen lè ou vin chèche kòb ou apre ou fin fè yon de kabès; tout moun konnen tou istwa fo koperativ ki te sove ak lajan malere yo). Se konsa tou, lè Babankou peye yon atis byen chè pou li fè yon reklam pou li, se yon fason pou li voye siyal pou li di nou ka fè li konfyans paske yon konpayi wonm tèt chat pa t ap kraze kò li fè pil depans sa yo. Kidonk, dapre Spence, moun ki gen plis enfòmasyon an ap voye yon siyal konvenkan sou kalite pwodui li ap ofri a, akondisyon dasomann yo paka fè menm bagay la (pa egzanp, paske sa t ap koute yo twò chè). Gen yon bann lòt solisyon nan kategori sa a nou ka imajine : devlope yon mak pou yon konpayi, ofri kliyan an yon garanti sou pwodui yo, elatriye…

BAT VANT MOUN NAN

Lòt solisyon ki egziste pou pwoblèm enfòmasyon ki gen fòs kote a, se sa Stiglitz imajine a : fòse moun ki gen plis enfòmasyon an di ou sa li konnen an, san li pa sispèk, SAN LI PA MENM RANN LI KONT (misye rele teknik sa « screening », nan lang angle). Nou p ap rete twòp sou solisyon sa a paske nou ap gen pou nou retounen sou li, lè nou ap gen pou nou pale sou kesyon asirans yo. Men nou ka gentan remake moun ki ap vann zannana pou sizàn nan, moun ki konnen sa li ap ofri a pa bon an p ap toujou genyen menm konpòtman ak moun ki ap vann bon bagay la : pa egzanp, moun ki ap vann bogota a ka pi fasil aksepte yon move pri (e konsa li tou di ou se yon bogota li ap vann); moun ki vin chèche djòb e ki parese a ap mwens anvi pran risk parapò ak moun ki serye a (egzanp li gendwa pa dakò ou peye li sou baz kantite nouvo kliyan li fè konpayi a jwenn, li ap pito ou ba li yon kòb fiks chak mwa paske li gentan konnen li pral fè parese). Si nou ta pran site ekzanp, nou pa t ap janm kanpe.

CHAK MOUN GEN RESÈT PA LI

Kit se solisyon Spence lan, kit se solisyon Stiglitz la, pa gen youn ki se yon solisyon mirak. Men yo ka ede nou konprann pi byen jan ekonomi an fonksyone epi kòman nou ka evite pran nan fo mamit. Gen lòt solisyon toujou, tankou la: achte nan men moun ou konnen; mande zanmi ou oswa fanmi ou konsèy avan ou achte; chèche konnen kòmantè lòt moun fè sou machann sa a oswa sou pwodui sa a avan ou achte (nan sans sa a, Facebook kòmanse itil anpil ak kòmantè li pèmèt moun fè sou paj antrepriz yo). Si ou reflechi byen, ou ap wè plen sitiyasyon nan lavi ou ap mennen chak jou a kote prensip sa yo ka itil. Paske deyò a pyeje, plen matomann, dasomann ak chalatan. Nou ap kite ou ak kesyon sa a: Èske sa rive ou deja pou yo ba ou zannana pou sizàn; epi ki teknik ou konn itilize pou sa pa rive ou?

KÈK PWOVÈB

Kòm bonis, men yon lis kèk lòt pwovèb kreyòl ki plizoumwen gen rapò ak pwoblèm asimetri enfòmasyon an e ki ka enspire nou:
1) Fòk de klòch sonnen pou konn verite a 2) Sa ou pa konnen pi gran pase ou 3) Se kouto sèlman ki konnen sa ki nan kè yanm 4) Se soulye ki konnen si chosèt gen twou 5) Tande ak wè se de 6) Zafè kabrit pa zafè mouton 7) Se mèt kò ki veye kò.

Un commentaire sur “YO PA KONN ACHTE CHAT NAN SAK

Laisser un commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l'aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Google+

Vous commentez à l'aide de votre compte Google+. Déconnexion /  Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l'aide de votre compte Twitter. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l'aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s